Esther 1:19 Cross References - Haitian

19 Si wa a dakò, se pou l' fè yon deklarasyon pou l' fè tout moun konnen larenn Vachti pa janm gen dwa parèt devan l' ankò. Li pral chwazi yon lòt madanm pi bon pase l' mete larenn nan plas li. Lèfini, l'a fè ekri lòd sa a nan liv lalwa peyi Pès ak peyi Medi a, pou yo pa janm chanje l'.

1 Samuel 15:28

28 Samyèl di li: -Seyè a rache gouvènman peyi Izrayèl la nan men ou jòdi a. Li rale l' nan men ou. Li pral renmèt li bay yon lòt moun ki pi bon pase ou.

1 Kings 3:28

28 Lè pèp Izrayèl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respè pou li, paske yo te wè se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.

Esther 1:21

21 Wa a ansanm ak chèf yo te renmen lide Mimoukan te bay la. Se konsa wa a fè sa Mimoukan te di fè a.

Esther 3:9

9 Si wa a ta vle, li ta bay lòd pou yo touye yo. Si wa a fè sa, m'ap ranmase twasanswasannkenz (375) tòn ajan nan men anplwaye leta yo m'a mete nan kès wa a.

Esther 8:5

5 -Si sa fè wa a plezi, si wa a kontan avè m', si se yon bagay li ka fè, si mwen fè wa a plezi, tanpri, ekri yon lèt pou revoke lòd Aman, pitit Amedata, moun laras Agag la, te bay pou yo te touye dènye kras jwif toupatou nan peyi wa a.

Esther 8:8

8 Men, depi yo bay yon lòd piblik nan non wa a, avèk so wa a sou li, li pa ka revoke. Tansèlman, nou menm, nou gen dwa ekri yon lèt bay jwif yo nan non mwen avèk so mwen sou li.

Daniel 6:8-15

8 Monwa, nou mande ou pou fè ekri lòd sa a, lèfini pou ou siyen l'. Konsa, dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la, yo pa t' ka chanje anyen ladan l', tout moun fèt pou koube devan l'. 9 Se konsa, wa Dariyis siyen lòd la. 10 Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, li al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l' jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a. 11 Mesye yo vini, yo wè Danyèl ki t'ap lapriyè nan pye Bondye l' la. 12 Yo tout al jwenn wa a epi yo di l': -Monwa, èske ou pa t' siyen yon lwa ki te mande pou tout moun lapriyè nan pye ou ase pandan trant jou? Nenpòt moun yo ta jwenn ap lapriyè yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon an, pa vre? Wa a reponn: -Lòd la bay dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la ki pa ka chanje. 13 Lè sa a, mesye yo di wa a: -Danyèl, yonn nan moun Jida yo te depòte isit yo, pa okipe ou menm, monwa. Li pa respekte lòd ou te bay la. Twa fwa pa jou, l'ap lapriyè lapriyè l'! 14 Lè wa a tande sa, sa te fè l' lapenn anpil, li di nan kè l' se pou l' sove Danyèl. Jouk solèy kouche li t'ap chache yon jan pou l' fè kichòy pou Danyèl. 15 Mesye yo tounen kay wa a ankò, epi yo di l': -Monwa, pa bliye. Dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès, depi wa a fin siyen yon lòd, se fini.

Daniel 6:17

17 Yo pote yon gwo wòch. Yo mete l' anwo bouch twou a pou fèmen l'. Lèfini, yo mete sele sou li, wa a siyen l' ansanm ak lòt chèf yo. Konsa, pesonn pa ta ka vin sove Danyèl.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.