Ecclesiastes 3:19 Cross References - Haitian

19 Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay la. Ni yonn ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la k'ap bat nan tou de. Moun pa gen ankenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt.

2 Samuel 14:14

14 Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l' ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l'.

Job 14:10-12

10 Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè. 11 Letan ka cheche, larivyè ka sispann koule. 12 Men, kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò. Poul va fè dan anvan y'a leve vivan ankò, anvan y'a leve soti nan dòmi yo a.

Psalms 39:5-6

5 Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a. 6 Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.

Psalms 49:12

12 Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo.

Psalms 49:20

20 yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò. Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.

Psalms 89:47-48

47 Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife? 48 Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè.

Psalms 92:6-7

6 Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou! 7 Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.

Psalms 104:29

29 Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a.

Ecclesiastes 2:14

14 Moun ki gen konprann yo, se pa je pete klere yo ye. Moun ki pa gen konprann yo ap mache nan fènwa. Men, mwen konnen tou de ap fini menm jan.

Ecclesiastes 2:16

16 Pesonn p'ap janm chonje moun ki gen konprann yo ni tou yo p'ap chonje moun sòt yo. Pi devan, n'ap bliye yo tout. Nou tout gen pou mouri, kit nou gen bon konprann kit nou sòt.

Ecclesiastes 2:20-23

20 Se konsa mwen vin konprann tout travay di mwen te fè sou latè p'ap rapòte m' anyen. Sa vin dekouraje m'. 21 Wi, yon nonm fè travay li avèk lespri, avèk konesans, avèk ladrès. Apre sa, se pou l' pati kite l' pou yon lòt ki pa leve ni lou ni lejè nan travay la. Sa a tou, sa pa vo anyen. Sa pa bon menm. 22 Ou travay di, ou pran kont tèt chaje ou, ou pa dòmi pou ou ka fè sa w'ap fè a. Apre sa, kisa sa rapòte ou? 23 Ou pase tout lavi ou nan lapenn, nan chagren. Menm lannwit lespri ou ap travay. Sa a tou, sa pa sèvi ou anyen.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.