2 Kings 14:1 Cross References - Haitian

1 Wa Joas, pitit gason Joakaz la, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Amasya, pitit Joas, moute wa nan peyi Jida.

2 Kings 13:10

10 Wa Joas t'ap mache sou trannsetan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Joas, pitit Joakaz la, moute wa peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan sèzan nan lavil Samari.

2 Kings 14:15

15 Tout rès istwa Joas la, tou sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap goumen ak Amasya, wa peyi Jida a, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.

1 Chronicles 3:12

12 Joas te papa Amazya, Amazya te papa Azarya, Azarya te papa Jotam,

2 Chronicles 25:1-4

1 Amasya te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan, moun lavil Jerizalèm. 2 Amasya te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa ak tout kè li. 3 Lè Amasya fin chita otorite l', li fè touye chèf lame ki t'ap sèvi avè l' yo epi ki te touye papa l'. 4 Men li pa t' manyen pitit ansasen sa yo, paske dapre sa ki ekri nan Liv lalwa Moyiz la, Bondye te bay lòd sa a: Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l' te fè. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fè.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.