2 Chronicles 33:11 Cross References - Haitian

11 Lè sa a, Seyè a voye chèf lame wa peyi Lasiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase, yo pase kwòk nan machwè li, yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv, yo mennen l' lavil Babilòn.

Deuteronomy 28:36

36 Seyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.

1 Samuel 13:6

6 Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè.

2 Kings 23:33

33 Farawon Neko fèmen l' nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm anko. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l'. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan (7.500) liv ajan ak swasannkenz liv lò.

2 Kings 25:6

6 Sòlda lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan ki te lavil Ribla. Se la Nèbikadneza jije li.

2 Chronicles 36:6

6 Nebikadneza, wa Babilòn, anvayi peyi Jida, li fè wa Jojakim prizonye, li mete l' anba chenn doub, li mennen l' lavil Babilòn.

Nehemiah 9:32

32 Koulye a, Bondye nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fòs kouraj, yon Bondye ki fè moun respekte l'. W'ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p'ap janm sispann gen bon kè. Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chèf nou yo, sou prèt nou yo, sou pwofèt nou yo, sou zansèt nou yo ak sou tout pèp la, depi lè wa peyi Lasiri yo t'ap peze nou an rive jouk koulye a. Pa kite nou soufri tou sa pou gremesi.

Nehemiah 9:37

37 Tout rekòt peyi a al nan pòch wa ou mete sou kou nou. Tou sa, paske nou te fè peche. Yo fè sa yo vle ak nou ansanm ak bèt nou yo. Aa! Gade nan ki mizè nou ye non!

Job 36:8-11

8 Men, si Bondye mete yo nan chenn, si lafliksyon makònen nan tout kò yo, 9 Bondye va louvri je yo pou yo ka wè tou sa y'ap fè a. Li moutre yo se lògèy k'ap fè yo fè peche. 10 Li pale nan zòrèy yo pou avèti yo. Li mande yo pou yo sispann fè sa ki mal. 11 Si yo koute Bondye, si yo soumèt devan li, y'a viv rès lavi yo nan kè kontan ak nan plezi.

Psalms 107:10-14

10 Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn, 11 paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo. 12 Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men. 13 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 14 Li fè yo soti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo.

Isaiah 5:26-30

26 Seyè a leve drapo l' pou l' bay siyal la. L'ap rele yon pèp ki byen lwen. L'ap soufle byen fò, l'ap rele moun soti jouk lòt bò nèt, nan dènye bout latè. Gade! Y'ap vole konsa, y'ap kouri vini! 27 Pa gen yonn ladan yo ki bouke! Pa gen yonn ladan yo ki fè bitay! Yo pa konn sa ki rele kabicha, ale wè dòmi! Ren yo toujou mare. Sapat yo toujou mare byen sere nan pye yo. 28 Pwent flèch yo taye byen fen. Banza yo tou pare pou tire. Pye chwal yo di kou wòch. Kabwèt yo woule vit tankou van siklòn. 29 Sòlda yo gwonde tankou fenmèl lyon. Yo rele tankou yon bann ti lyon. Yo gwonde, yo tonbe sou bèt yo pran an, yo pote l' ale. Pa gen moun ki pou rache l' soti nan bouch yo! 30 Jou sa a, y'ap gwonde sou pèp Izrayèl la. Y'ap fè bri tankou lanmè lè li move. Voye je, gade peyi a! Se renk fènwa ak tray pou tout moun. Nwaj nwa bouche toupatou nan syèl la!

Isaiah 7:18-20

18 Lè sa a, Seyè a pral soufle pou moun peyi Lejip yo soti tankou mouch byen lwen, bò dlo larivyè Nil la. L'ap rele moun peyi Lasiri yo pou yo soti tankou lesen myèl lakay yo. 19 Yo pral vin plen falèz yo ak tout twou wòch yo. Yo pral toupatou nan tout raje, nan tout jaden zèb. 20 Jou sa a, Seyè a ap fè wa peyi Lasiri a soti lòt bò larivyè Lefrat. Li va tankou yon razwa. L'ap vini, l'ap koupe tout bab ou, tout cheve nan tèt ou ak tout plim sou kò ou.

Isaiah 10:8

8 Li t'ap plede di: Tout chèf lame mwen yo se wa yo ye nan lòt peyi!

Isaiah 36:9

9 Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an! Epi, se sou peyi Lejip w'ap konte jwenn cha lagè ak kavalye pou fè lagè!

Lamentations 3:7

7 Li moute yon miray, li fèmen kote m' ye a, m' pa ka chape. Li mare m' ak gwo chenn.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.