1 Samuel 16:20 Cross References - Haitian

20 Izayi pran yon veso plen diven, yon jenn ti kabrit ak yon bourik chaje pen, li bay David pou renmèt Sayil. Epi li voye a al jwenn wa a.

Genesis 43:11

11 Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di: -Bon. Si se konsa sa ye, men sa pou n' fè: n'ap pran pi bon danre ki gen nan peyi a, n'ap mete nan sak nou, n'ap pote fè nonm lan kado: gonm santi bon, siwo myèl, lansan, lami, pistach ak nwa.

1 Samuel 10:27

27 Men te gen kèk vòryen ki t'ap di: -Ki jan jenn gason sa a ka rive delivre nou? Yo pa okipe Sayil menm, yo pa fè l' kado anyen. Sayil menm fè tankou li pa konprann.

1 Samuel 17:18

18 Pran dis fwomaj sa yo, pote yo bay kòmandan an. W'a pran nouvèl frè ou yo, ki jan yo ye. Epi w'a fè yo ba ou yon bagay pou m' sèten ou wè yo an sante.

1 Samuel 25:18

18 Abigayèl prese pran desan (200) pen, de gwo veso an po bèt plen diven, senk mouton tou kwit, de barik grenn griye, san mamit rezen chèch, desan (200) gato fèt ak figfrans chèch, li chaje tou sa sou bourik.

2 Samuel 16:1-2

1 David te fèk fin kite tèt mòn lan lè li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k'ap vin kontre l'. Li t'ap mennen de bourik byen chaje avèk desan (200) pen, san (100) grap rezen chèch, san (100) pake fwi mi ak yon gwo veso fèt ak po bèt plen diven. 2 Wa David mande l': -Sa ou pral fè ak tout bagay sa yo? Ziba reponn li: -Bourik yo, se pou wa a ansanm ak fanmi li yo moute. Pen yo ak fwi yo, se pou moun ou yo manje, diven an pou yo bwè lè y'a santi yo bouke nan dezè a.

Proverbs 18:16

16 Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.