1 Kings 2:35 Cross References - Haitian

35 Apre sa, wa a mete Benaja kòmandan lame a nan plas Joab, li mete Zadòk, prèt la, nan plas Abyata.

Numbers 25:11-13

11 -Se Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit gason Arawon prèt la, ki te fè m' sispann ankòlè sou pèp la. Paske nan tout moun sa yo, se li menm ki pa t' ka sipòte wè yon moun nan pèp Izrayèl la kite m' pou l' al sèvi yon lòt bondye. Se poutèt sa, atout mwen t'ap fè jalouzi a, mwen pa fin touye tout pèp la nèt. 12 Men sa pou ou di Fineas pou mwen: m'ap siyen yon kontra avè l' ki pou ba li kè poze. 13 M'ap mete li, li menm ak tout ras fanmi l' apre li, pou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Paske li te fè m' wè jan li pa t' tolere moun sèvi lòt bondye pase mwen. Se konsa li fè m' padonnen sa pèp la te fè ki mal la.

1 Samuel 2:35

35 Mwen pral chwazi yon lòt prèt ki p'ap janm twonpe m'. L'a fè tou sa m'a vle l' fè, tou sa mwen ta renmen wè l' fè. M'a ba li yon fanmi ki p'ap janm disparèt, se yo ki va toujou sèvi wa mwen va chwazi a.

1 Kings 2:27

27 Salomon revoke Abyata, li enpoze l' sèvi tankou prèt Seyè a. Se konsa, sa Seyè a te di lavil Silo sou Eli, prèt la, ak sou pitit li yo, rive vre.

1 Kings 4:4

4 Benaja, pitit gason Jeojada, te kòmandan tout lame a. Zadòk ak Abyata te prèt.

1 Chronicles 6:4-15

4 Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa, 5 Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi, 6 Ouzi te papa Zeraja, Zeraja te papa Merajòt, 7 Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub, 8 Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz, 9 Akimaz te papa Azarya, Azarya te papa Joanan, 10 Joanan te papa Azarya. Se li menm Azarya ki te sèvi prèt nan tanp Salomon te bati lavil Jerizalèm lan. 11 Azarya te papa Amarya, Amarya te papa Achitoub, 12 Achitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Chaloum, 13 Chaloum te papa Ilkija, Ilkija te papa Azarya, 14 Azarya te papa Seraja, Seraja te papa Jeosadak. 15 Wa Nèbikadneza te depòte Jeosadak ansanm ak tout moun peyi Jida ak tout moun lavil Jerizalèm yo, jan Bondye te vle l' la.

1 Chronicles 6:50-53

50 Men fanmi Arawon yo: Arawon te papa Eleaza, Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa, 51 Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi, Ouzi te papa Zeraja, 52 Zeraja te papa Merajòt, Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub, 53 Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz.

1 Chronicles 24:3

3 Avèk konkou Zadòk, moun fanmi Eleaza a, ak Akimelèk, moun fanmi Itama a, wa David separe moun fanmi Arawon yo an gwoup. Chak gwoup te gen travay pa yo.

1 Chronicles 29:22

22 Jou sa a, yo manje, yo bwè ak gwo kè kontan dèvan Seyè a. Apre sa yon dezyèm fwa, yo fè deklarasyon yo rekonèt Salomon, pitit David la, pou wa yo. Yo fè sèvis mete l' apa pou l' chèf yo nan non Seyè a. Menm lè a, yo mete Zadòk apa pou l' sèvi granprèt nan non Seyè a tou.

Job 34:24

24 Li pa bezwen nan chache konnen pou l' kraze chèf yo, lèfini pou l' mete lòt moun nan plas yo.

Psalms 109:8

8 Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li.

Acts 1:20

20 Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo: Se pou kay li rete san moun. Se pou pesonn pa rete ladan li. Pi lwen ankò nou jwenn: Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay la.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.