1 Corinthians 12:22 Cross References - Haitian

22 Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè.

Proverbs 14:28

28 Tout pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen.

Ecclesiastes 4:9-12

9 Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou. 10 Si yonn tonbe, lòt la va ba l' men pou l' leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l' tonbe, p'ap gen moun pou ba l' men. 11 Konsa tou, lè fè frèt, si yo kouche ansanm, yonn va chofe lòt. Men, si li pou kont li, ki jan pou l' fè chofe kò l'? 12 Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Yon kòd trese an twa pa fasil pou kase.

Ecclesiastes 5:9

9 Travay latè se yon avantaj pou tout moun, ata pou wa a. Se sou sa li konte tou.

Ecclesiastes 9:14-15

14 Vwala se te yon ti bouk tou piti ki pa t' gen anpil moun ladan l'. Yon gran wa vin atake l' ak yon gwo lame. Li sènen bouk la toupatou, li fè pare yon bann bagay pou kraze miray ranpa bouk la. 15 Te gen yon nonm nan bouk la ki te gen lespri, men se te yon pòv malere. Se li ki te sove bouk la avèk konesans li. Apre sa, tout moun bliye l'.

2 Corinthians 1:11

11 depi nou menm moun Korent nou ban m' ankourajman, nou lapriyè pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyè sa yo n'ap fè pou mwen, la ban mwen benediksyon l', anpil moun va di l' mèsi pou mwen.

Titus 2:9-10

9 Pale ak domestik yo pou yo soumèt devan mèt yo, pou yo fè mèt yo plezi nan tout bagay. Yo pa fèt pou nan bay repons ak yo. 10 Ni yo pa dwe nan pran sa ki pa pou yo. Okontrè, se pou yo serye tout bon nan tou sa y'ap fè. Konsa y'a fè respè mesaj Bondye, delivrans nou an, nan tout bagay.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.