1 Chronicles 26:25 Cross References - Haitian

25 Sou bò Elyezè, tonton li, li te fanmi ak Rekabya, pitit Elyezè a, ki te papa Jezaja. Jezaja sa a te papa Joram, Joram te papa Zikri, Zikri te papa Chelomit.

Exodus 18:4

4 Moyiz te di tou: Se Bondye papa m' ki te pote m' sekou, ki te sove m' anba pèsekisyon farawon an. Se konsa li te rele lòt la Elyezè.

1 Chronicles 23:15

15 Moyiz te gen de pitit gason: Gèchòm ak Elyezè.

1 Chronicles 23:17-18

17 Elyezè li menm te gen Rekabya pou premye pitit. Li pa t' fè lòt pitit gason ankò. Men Rekabya te fè anpil pitit. 18 Premye pitit Jizeya a te rele Chelomit.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.