Romans 15:18-22

Haitian(i) 18 -(we vèsè pwochen) 19 Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m' fè ak sa li te fè m' di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay bon nouvèl ki pale sou Kris la toupatou. 20 Men, lanbisyon m' se te pou m' fè konnen bon nouvèl la sèlman kote moun pa t' ankò janm tande nonmen non Kris la, pou m' pa t' bati sou fondasyon lòt moun te poze, 21 jan sa te ekri nan Liv la: Moun ki pa t' ankò konnen l' yo va wè. Moun ki pa t' ankò tande nonmen non l' yo va konprann. 22 Se rezon sa a ki te anpeche mwen anpil fwa al lakay nou.