Psalms 96:1-4

Haitian(i) 1 Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! 2 Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. 3 Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo. 4 Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo.