Psalms 85:1-119:176

Haitian(i) 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. 2 Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen! 3 Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo. 4 Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo! 5 Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò! 6 Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò? 7 Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou? 8 Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non! 9 M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò. 10 Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo. 11 Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò! 12 Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri. 13 Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt. Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt. 86 1 Se yon lapriyè David te fè. Seyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m', reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye. 2 Pa kite m' mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m' fè. Bondye mwen, delivre m' non, paske se ou menm m'ap sèvi, se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen. 3 Gen pitye pou mwen, Seyè, paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou! 4 Fè kè sèvitè ou la kontan, Seyè, paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè! 5 Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou. 6 Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou! 7 Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen. 8 Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè! 9 Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou, 10 paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye. 11 Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m' jan pou m' sèvi ou avèk krentif. 12 Seyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m', mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa! 13 Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a. 14 Bondye, yon bann awogan leve dèyè m'! Yon kantite mechan soti pou yo touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye! 15 Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou! 16 Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m' fòs ankò, delivre m', paske mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. 17 Fè kichòy pou mwen, Seyè! Fè moun ki pa vle wè m' yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m' sekou, se ou menm ki ban m' konsolasyon! 87 1 Se yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye. Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a! 2 Li renmen lavil Jerizalèm pi plis pase tout lòt kote nan peyi Jakòb la. 3 Ou menm, lavil Bondye a, tande bèl bagay y'ap di sou ou: 4 Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m' yo, m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la. Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etiopi, se Jerizalèm yo fèt. 5 Lè moun ap pale sou mòn Siyon an yo di: -Yo rele l' manman, paske se la yo tout fèt. Se Bondye anwo nan syèl la ki mete l' kanpe. 6 Seyè a fè lis tout pèp yo, li fè yo tout pase pou moun lavil Jerizalèm. 7 Moun k'ap chante yo ansanm ak moun k'ap danse yo ap repete byen fò: -Se ou menm ki manman nou tout. 88 1 Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra. 2 Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou! 3 Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou. 4 Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri. 5 Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò. 6 Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li. 7 Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon. 8 Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou. 9 Ou fè tout zanmi m' yo lage m'. Yo yonn pa ka santi m' bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti. 10 Je m' ap boule m' tèlman m'ap soufri. Seyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m' ba ou! 11 Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou? 12 Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou? 13 Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon! 14 Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou. 15 Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen? 16 Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò. 17 Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'. 18 Tout lajounen ou sènen m' tankou dlo inondasyon, ou fèmen m' toupatou. Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m' yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m' yo disparèt. 89 1 Chante Etan, moun peyi Ezra. 2 Seyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou. 3 Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou. 4 Ou di konsa: -Mwen pase yon kontra avèk moun mwen te chwazi a. Men sa mwen te pwomèt David, sèvitè mwen an: 5 W'ap toujou gen yon wa nan pitit pitit ou yo. M'ap fè gouvènman ou lan kanpe fèm pou tout tan. 6 Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou. 7 Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou! 8 Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou. 9 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè! 10 Ou dominen sou gwo lanmè yo. Lè yo move, ou fè yo ret dousman. 11 Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo. 12 Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'. 13 Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan. 14 Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p'ap bese tèt devan pesonn. 15 W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo. 16 Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi! 17 Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè. 18 Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo. 19 Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou. 20 Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf. 21 Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou. 22 M'ap toujou soutni l' avèk fòs mwen. M'a fòtifye l' avèk pouvwa mwen. 23 Lènmi l' yo p'ap ka mete men sou li, mechan yo p'ap ka mete pye sou kou li. 24 M'ap kraze tout moun ki pa vle wè l' yo, m'ap touye moun ki rayi l' yo. 25 M'ap toujou renmen l', m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak li, mwen p'ap janm kite l' pèdi okenn batay. 26 M'ap fè l' gouvènen depi lanmè Mediterane jouk larivyè Lefrat. 27 L'a rele m', l'a di m': Se ou ki papa m', se ou menm ki Bondye m'. Se ou ki pwoteksyon m', se ou menm ki delivrans mwen. 28 Mwen menm, m'ap fè l' pase pou premye pitit gason mwen. Se li k'ap pi gran nan tout wa sou latè. 29 M'a toujou fè l' wè jan m' renmen l', m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a. 30 M'ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan. 31 Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, 32 si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè, 33 m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal. 34 Men, se pa sa k'ap fè m' sispann renmen David, ni k'ap fè m' pa kenbe pwomès mwen te fè l' la. 35 Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl. 36 Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti. 37 Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la. 38 Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la. 39 Men, malgre sa, ou fache sou wa ou te chwazi a, ou vire do ba li, ou voye l' jete. 40 Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou. 41 Ou kraze tout miray li yo, ou lage yo atè. Ou kite tout fò li yo fin kraze nèt. 42 Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib. 43 Ou kite lènmi l' yo kraze l' anba pye yo. Ou fè yo tout kontan. 44 Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè. 45 Ou te wete baton kòmandman an nan men l', ou pran fotèy li a, ou jete l' atè. 46 Ou fè l' vin vye anvan lè li, ou fè l' wont nèt. 47 Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife? 48 Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè. 49 Eske gen moun ki ka viv san l' pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l' pa janm al anba tè? 50 Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo? 51 Seyè, pa bliye jan y'ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen! 52 Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap joure, jan y'ap joure wa ou te chwazi a kote l' pase. Ann toujou fè lwanj Seyè a! Wi, se vre! Amèn! 90 1 Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a. 2 Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye. 3 Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò. 4 Milan (1.000 an) pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit. 5 Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten. 6 Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche. 7 Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase. 8 Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou. 9 Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini. 10 Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou. 11 Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move? 12 Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay. 13 Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo. 14 Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan. 15 Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè. 16 Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa. 17 Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. 91 1 Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a 2 ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. 3 Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou. 4 L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou. 5 Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen. 6 Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi. 7 Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (10.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou. 8 W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite. 9 Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou, 10 okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou. 11 Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase. 12 Y'ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. 13 W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou. 14 Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen. 15 Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'. 16 M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'. 92 1 Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. 2 Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la. 3 Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou. 4 Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou. 5 Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè. 6 Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou! 7 Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann. 8 Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt. 9 Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan. 10 Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo. 11 Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan. 12 Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele. 13 Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban. 14 Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an. 15 Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs. Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li. 93 1 Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'. 2 Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan. 3 Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri. 4 Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri. 5 Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan. 94 1 Seyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye. 2 Ou menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite! 3 Kilè mechan yo va sispann fè fèt? Wi, Seyè, kilè y'a sispann? 4 Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè? 5 Seyè, y'ap kraze pèp ou a, y'ap peze moun pa ou yo. 6 Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a. 7 Lè konsa yo di: Seyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa! 8 Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non! Bann moun fou, kilè n'a konprann? 9 Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l' pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l' pa ta ka wè? 10 Limenm ki reskonsab tout nasyon yo, ki jan pou l' pa ta ka pini yo? Limenm k'ap bay moun tout kalite konesans, ki jan pou l' pa ta ka konnen? 11 Seyè a konnen lide lèzòm gen nan tèt yo. Li konnen sa pa vo anyen. 12 Ala bon sa bon, Seyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l' konnen sa ki nan lalwa ou, 13 pou l' ka rete ak kè poze lè jou malè a rive, jouk y'a fouye twou pou antere mechan an. 14 Seyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo. 15 Lè sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal, tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa. 16 Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo? Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo? 17 Si se pa t' Seyè a ki te sekou mwen, gen lontan depi mwen ta mouri. 18 Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Seyè, ki soutni m' paske ou gen bon kè. 19 Lè m' nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m' fè, se ou menm ki ban m' kouraj, se ou menm ki fè kè m' kontan. 20 Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa? 21 Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò. 22 Men, Seyè a se tout defans mwen. Bondye mwen, se twou wòch kote m' jwenn pwoteksyon. 23 L'ap fè mechanste yo a tonbe sou pwòp tèt yo, l'ap fè peche yo a touye yo. Seyè a, Bondye nou an, ap disparèt yo. 95 1 Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an! 2 Ann parèt devan li pou nou di l' mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li! 3 Paske, Seyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo. 4 Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l'. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou. 5 Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l', latè a tou, paske se li ki ba l' fòm ak men l'. 6 Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an! 7 Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou: 8 -Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l' lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l' jou sa a nan dezè a bò Masa. 9 Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m', malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo. 10 Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo. 11 Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an. 96 1 Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! 2 Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. 3 Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo. 4 Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo. 5 Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la. 6 Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a! 7 Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! 8 Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! 9 Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li. 10 Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri. 11 Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. 12 Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan, 13 lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt. 97 1 Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt! 2 Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri. 3 Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase. 4 Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble. 5 Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a. 6 Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li. 7 Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li. 8 Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè! 9 Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo. 10 Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo. 11 Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan. 12 Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun. 98 1 Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la. 2 Seyè a te fè wè jan l' delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras. 3 Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou. 4 Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Seyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante! 5 Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik! 6 Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa. 7 Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante. 8 Se pou larivyè yo pran bat men yo. Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan. 9 Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite. 99 1 Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble! 2 Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo. 3 Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye! 4 Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt. 5 Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Bese tèt nou devan fotèy li. Sè Bondye tout bon li ye! 6 Moyiz ak Arawon te fè pati prèt li yo! Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l' yo! Tout twa te rele Seyè a, li te reponn yo. 7 Li rete nan poto nwaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo. 8 Seyè, Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal. 9 Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye. 100 1 Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan. 2 Fè sèvis pou Seyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li! 3 Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li. 4 Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi! 5 Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li. 101 1 Se yon sòm David. M'ap chante pou yon moun ki gen bon kè. M'ap chante pou yon moun ki pa nan patipri. Se pou ou m'ap chante, Seyè! 2 M'ap mennen yon lavi san repwòch. Kilè w'a vin jwenn mwen? 3 M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen. 4 Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m'. Mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ki mechan. 5 M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun. 6 M'ap pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm. M'ap kite yo rete bò kote m'. Moun k'ap mache dwat yo, se yo m'ap pran pou sèvi lakay mwen. 7 Mwen p'ap kite moun k'ap twonpe moun rete lakay mwen. Moun k'ap bay manti p'ap rete kanpe devan mwen. 8 Chak maten m'ap fini avèk tout mechan ki nan peyi a. Konsa, m'ap mete tout moun k'ap fè sa ki mal yo deyò nan lavil Seyè a. 102 1 Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. 2 Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou. 3 Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou. 4 Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo. 5 Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje. 6 Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn. 7 Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze. 8 Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay. 9 Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman. 10 Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè. 11 Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen. 12 Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb. 13 Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou! 14 W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive. 15 Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini. 16 Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li. 17 Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa. 18 L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo. 19 Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l', pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li. 20 Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè, 21 pou l' tande jan prizonye yo ap plenn, pou l' delivre moun yo kondannen amò yo. 22 Konsa, moun va nonmen non Seyè a nan tout lavil Siyon an. Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm, 23 lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a. 24 Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'. 25 Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou. 26 Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la. 27 Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote. 28 Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri. Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou. 103 1 Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen! 2 Wi, kite m' di Seyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. 3 Li padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo. 4 Li wete m' nan bouch twou a. Li beni m', li fè m' wè jan li renmen m', jan li gen pitye pou mwen. 5 Li kouvri m' ak benediksyon pandan tout lavi m', li fè m' rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini. 6 Seyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. 7 Li fè Moyiz konnen sa l' te gen nan tèt li, li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo. 8 Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. 9 Li p'ap pase tout tan l' ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan. 10 Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou. 11 Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li. 12 Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou. 13 Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li. 14 Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye. 15 Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann. 16 Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pesonn pa rekonèt kote yo te ye a. 17 Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo, 18 pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo. 19 Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay. 20 Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a! 21 Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l', k'ap fè volonte li, di Seyè a mèsi! 22 Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Seyè a mèsi! Wi, kite m' di Seyè a mèsi! 104 1 Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba! 2 Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete. 3 Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale. 4 Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou. 5 Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'. 6 Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo. 7 Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò. 8 Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo. 9 Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò. 10 Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo. 11 Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo. 12 Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo. 13 Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou. 14 Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje, 15 pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs. 16 Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen. 17 Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo. 18 Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo. 19 Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche. 20 Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò. 21 Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje. 22 Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo. 23 Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche. 24 Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè. 25 Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti. 26 Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'. 27 Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen. 28 Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo. 29 Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a. 30 Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi. 31 Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè. 32 Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen. 33 M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la. 34 Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan. 35 Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a! 105 1 Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè! 2 Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo! 3 Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt! 4 Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li. 5 -(we vèsè pwochen) 6 Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li! 7 Seyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè. 8 -(we vèsè pwochen) 9 L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan. 10 Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan. 11 Li te di: -M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m' yo. 12 Lè sa a, pèp Bondye a pa t' anpil, yo te sèlman yon ti ponyen moun, yo te tankou etranje toujou nan peyi a. 13 Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt. 14 Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo. 15 Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen. 16 Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo, 17 li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la. 18 Yo te mete pye l' nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li, 19 jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Seyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon. 20 Wa peyi Lejip la te wete l' nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l'. 21 Li mete l' chèf sou tout moun lakay li, li mete l' pou l' gouvènen tout peyi a. 22 Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè. 23 Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo. 24 Seyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo. 25 Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li. 26 Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi. 27 Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip. 28 Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Lejip yo pa t' koute sa l' te di yo. 29 Li fè dlo larivyè yo tounen san, li touye tout pwason ladan yo. 30 Krapo te pran tout peyi a pou yo, yo te rive jouk anndan kay wa a. 31 Bondye annik pale, mouchavè ak vèmin parèt, yo kouvri tout peyi a. 32 Li pa ba yo lapli, li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a. 33 Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo. Li jete tout pyebwa nan peyi a atè. 34 Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite. 35 Yo devore tout ti plant nan peyi a, yo manje tout rekòt nan jaden yo. 36 Bondye touye premye pitit gason nan tout fanmi nan peyi Lejip la. Wi, li touye tout premye pitit gason yo. 37 Apre sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan. Anyen pa t' rive yo yonn menm. 38 Moun peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati paske yo te pè anpil. 39 Seyè a mete yon nwaj pou pwoteje yo lajounen, yon dife pou klere yo lannwit. 40 Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo. 41 Li fann yon gwo wòch, sous dlo pete, dlo pran koule nan dezè a tankou larivyè. 42 Li te chonje pwomès li te fè a, pawòl li te bay Abraram, sèvitè l' la. 43 Se konsa li te fè pèp li a soti ak kè kontan, li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan. 44 Li ba yo tè lòt nasyon yo, li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun, 45 pou pèp li a te ka kenbe lòd li yo, pou yo te ka obeyi kòmandman li yo. Lwanj pou Seyè a! 106 1 Lwanj pou Seyè a! Wi, lwanj pou Seyè a paske li bon: li p'ap janm sispann renmen nou. 2 Ki moun ki ka rakonte tout gwo bagay Seyè a fè? Ki moun ki ka fin fè lwanj li? 3 Ala bon sa bon pou moun ki fè sa Bondye mande l' fè, ki toujou ap fè sa ki dwat devan li! 4 Seyè, jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m'. Pa bliye m', lè w'ap vin delivre yo. 5 Konsa, m'a wè jan moun ou chwazi yo alèz. M'a fè kè m' kontan ansanm ak pèp ou a. M'a pran plezi m' ansanm ak moun ki pou ou yo. 6 Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal. 7 Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pa t' konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la. 8 Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l' moutre jan li gen pouvwa. 9 Li te pase Lanmè Wouj la lòd, lanmè a cheche. Li fè pèp li mache nan fon lanmè a tankou si se te nan yon dezè. 10 Li sove yo anba men moun ki te rayi yo, li delivre yo anba men lènmi yo. 11 Dlo a neye tout lènmi yo. Pa gen yonn ki chape. 12 Se lè sa a pèp li a vin kwè sa l' te di a, yo chante pou fè lwanj li. 13 Men, lamenm, yo bliye sa l' te fè pou yo. Yo pa t' tann li fin fè pou yo sa l' te gen nan lide l'. 14 Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t'ap gade ki bò Bondye ye ak yo. 15 Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l' la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo. 16 Antan yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a. 17 Se konsa latè a fann, li vale Datan, li fèmen sou Abiram ansanm ak tout moun ki te fè bann ak li yo. 18 Dife grennen sou tout bann lan, li boule tout mechan yo. 19 Lè yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf, yo adore zidòl yo te fè ak lò a. 20 Yo pran lwanj ki pou Bondye a bay yon pòtre bèf ki manje zèb. 21 Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip, 22 mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la. 23 Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l' pou l' pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo. 24 Yo pa t' vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pa t' kwè pawòl Bondye. 25 Yo rete anba tant yo, y'ap bougonnen. Yo pa t' vle koute Seyè a. 26 Lè sa a, Seyè a leve men l', li sèmante l'ap fè yo peri nan dezè a. 27 L'ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo, l'ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje. 28 Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou y' al adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo. 29 Sa te moute kolè Seyè a anpil sou yo lè li wè sa yo t'ap fè. Se poutèt sa maladi tonbe sou yo. 30 Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri. 31 Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan. 32 Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo. 33 Sa te fè Moyiz sitèlman fache, li te rive fè bagay li pa t' gen dwa fè. 34 Yo pa t' detwi moun lòt nasyon yo jan Seyè a te mande yo fè a. 35 Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo. 36 Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo. 37 Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo. 38 Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye. 39 Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye. 40 Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo. 41 Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo. 42 Lènmi yo t'ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo. 43 Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche. 44 Men, Seyè a te wè mizè yo, li te tande jan y'ap rele. 45 Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil. 46 Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo. 47 Delivre nou non, Seyè, Bondye nou. Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou. 48 Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan! Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a! 107 1 Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! 2 Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo, 3 li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid. 4 Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete. 5 Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pa t' kapab ankò. 6 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 7 Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete. 8 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun. 9 Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje. 10 Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn, 11 paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo. 12 Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men. 13 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 14 Li fè yo soti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo. 15 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. 16 Li kraze gwo pòt an fè yo. Li kase bawo an fè yo. 17 Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo te fè. Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal. 18 Yo pa t' menm anvi manje, yo te prèt pou mouri. 19 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 20 Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a. 21 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. 22 Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l' mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan. 23 Gen ladan yo ki vwayaje nan batiman sou lanmè. Yo t'ap fè trafik lakòt pou yo viv. 24 Yo te wè sa Seyè a te fè. Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè. 25 Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move. 26 Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo. Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouraj yo. 27 Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo. 28 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 29 Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt. 30 Yo te kontan lè yo wè lanmè a vin bèl. Seyè a fè yo antre san danje nan pò kote yo t'aprale a. 31 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. 32 Se pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini. Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo. 33 Seyè a fè larivyè yo cheche nèt. Li fè sous yo pa bay dlo ankò. 34 Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste. 35 Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk. 36 Se la li fè moun ki te grangou yo moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete. 37 Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt. 38 Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple. 39 Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye, paske moun t'ap peze yo, yo t'ap soufri, yo te nan mizè. 40 Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a, 41 se li ki wete pòv malere yo nan mizè. Se li ki fè yo fè pitit tankou chini. 42 Moun ki mache dwat yo wè sa, yo kontan. Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen. 43 Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo! Se pou yo rekonèt jan Seyè a gen bon kè! 108 1 Se yon chante David. 2 Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen. 3 M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve! 4 Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! 5 Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. 6 Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè! 7 Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans. 8 Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt. 9 Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman m' li ye. 10 Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan. 11 Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon? 12 Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò? 13 Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch. Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'. 109 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen. 2 Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m' mal. Y'ap fè manti sou mwen. 3 Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen. 4 Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou. 5 M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m' mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m'. 6 Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li. 7 Lè yo jije l', se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche. 8 Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li. 9 Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv. 10 Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a. 11 Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li. 12 Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite. 13 Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li. 14 Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo. 15 Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè, 16 paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo. 17 Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon. 18 Tout kò l' se madichon! Se pou madichon pase l' nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l'. 19 Se pou madichon kouvri l' tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l' tankou yon sentiwon. 20 Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo. 21 Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'. 22 Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann. 23 Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale. 24 Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil! 25 Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib. 26 Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè. 27 Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'. 28 Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan. 29 Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo. 30 M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini, 31 paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo. 110 1 Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. 2 Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo. 3 Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a. 4 Seyè a te sèmante, l'ap toujou kenbe pawòl li: -Ou se prèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk. 5 Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo. 6 L'ap jije nasyon yo, l'ap anpile kadav sou kadav, l'ap kraze chèf yo toupatou sou latè. 7 Wa a ap bwè dlo larivyè k'ap koule bò wout la. Se poutèt sa li p'ap janm bese tèt devan lènmi l' yo. 111 1 Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini. 2 Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo. 3 Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan. 4 Seyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè. 5 Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an. 6 Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo. 7 L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo. 8 Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre. 9 Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li! 10 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li. 112 1 Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande! 2 Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li. 3 Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. 4 Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri. 5 Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis! 6 Li p'ap janm bite. Yo p'ap janm bliye l'. 7 Kè l' p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Seyè a. 8 Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo. 9 Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'. 10 Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive. 113 1 Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li! 2 Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan. 3 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a! 4 Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la. 5 Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt. 6 Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a. 7 Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè. 8 Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a. 9 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a! 114 1 Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo, 2 Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l'. 3 Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann. 4 Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton. 5 Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule? 6 Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton? 7 Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la. 8 Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo. 115 1 Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou! 2 Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an? 3 Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle. 4 Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. 5 Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. 6 Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant. 7 Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo. 8 Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo. 9 Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. 10 Nou menm, prèt Bondye yo, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. 11 Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, mete konfyans nou nan li. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. 12 Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo. 13 L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran. 14 Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou. 15 Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou! 16 Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo. 17 Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li. 18 Men, nou menm ki vivan, n'ap di l' mèsi depi koulye a ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Seyè a! 116 1 Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen. 2 Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'. 3 Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn. 4 Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non! 5 Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè. 6 Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen. 7 Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen. 8 Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite. 9 Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo. 10 Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen! 11 menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans! 12 Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo? 13 M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi. 14 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a. 15 Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri! 16 Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo. 17 M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi. 18 -(we vèsè pwochen) 19 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a! 117 1 Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li! 2 Paske, li renmen nou anpil anpil, l'ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a! 118 1 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou! 2 Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 3 Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 4 Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 5 Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'. 6 Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'? 7 Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo. 8 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun. 9 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf. 10 Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 11 Yo te sènen m', yo te kwense m'. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 12 Yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 13 Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou. 14 Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. 15 Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li. 16 Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li. 17 Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen. 18 Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'. 19 Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi. 20 Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'. 21 Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'. 22 Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. 23 Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa! 24 Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan! 25 Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè! 26 Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou. 27 Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la. 28 Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa! 29 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou! 119 1 Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a! 2 Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo! 3 Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo. 4 Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn. 5 Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande! 6 Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo. 7 M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou. 8 Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m'. 9 Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a. 10 Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo. 11 Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou. 12 Mèsi, Bondye. Moutre m' tou sa ou vle m' fè. 13 M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou. 14 Mwen pran plezi m' pou m' mache dapre prensip ou yo, tankou si m' te gen tout richès sou latè. 15 M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou. 16 Mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo. 17 Aji byen avè m', mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m' ka viv, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè. 18 Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la. 19 Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo. 20 Se tout tan kè m' ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside. 21 Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo. 22 Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo. 23 Menm si chèf yo chita pou pale m' mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a. 24 Prensip ou yo fè kè m' kontan. Se yo ki ban m' konsèy sa pou m' fè. 25 Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la. 26 Mwen di ou tou sa m' te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m' tou sa ou vle m' fè. 27 Fè m' konprann ki jan pou m' swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo. 28 Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankò, jan ou te pwomèt la. 29 Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou. 30 Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen. 31 Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m' pran wont. 32 M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen. 33 Seyè, moutre m' jan pou m' swiv lòd ou yo, pou m' obeyi yo jouk sa kaba. 34 Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen. 35 Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'. 36 Fè m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan. 37 Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan. 38 Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou. 39 Pa kite yo joure m', mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon! 40 Ou wè jan m' anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankò! 41 Fè m' wè jan ou renmen m', Seyè! vin delivre m', jan ou te pwomèt la. 42 Lè sa a, m'a gen repons pou m' bay moun k'ap joure m' yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou. 43 Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo. 44 M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan. 45 M'a mache alèz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo. 46 M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa. 47 Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. 48 M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a. 49 Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m' espwa. 50 Nan mizè mwen, tout konsolasyon m', se pwomès ou fè m' lan. Se sa ki fè m' viv. 51 Yon bann awogan ap pase m' nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou. 52 Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyè, se sa ki ban m' kouraj. 53 Sa mete m' ankòlè, lè m' wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou. 54 Mwen fè chante ak sa ou mande m' fè, nan kay ki pa lakay mwen. 55 Lannwit se ou m'ap chonje, Seyè. M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m' fè. 56 Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m'ap swiv tout lòd ou yo. 57 Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo. 58 M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la. 59 Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo. 60 Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo. 61 Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la. 62 Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri. 63 Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo. 64 Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m' tou sa ou vle m' fè. 65 Ou te aji byen avè m', sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la. 66 Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo. 67 Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè. 68 Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè. 69 Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'. 70 Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la. 71 Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè. 72 Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè. 73 Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo. 74 Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawòl ou. 75 Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou. 76 Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'. 77 Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou. 78 Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo. 79 Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen. 80 Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont. 81 Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou. 82 Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'? 83 Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m' fè. 84 Konbe jou sèvitè ou la rete pou l' viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m' yo? 85 Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a. 86 Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m' san rezon. vin pote m' sekou! 87 Ti moso yo touye m'. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo. 88 Paske ou renmen m', ban m' lavi ankò pou m' ka swiv prensip ki soti nan bouch ou. 89 Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la. 90 Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm. 91 Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye. 92 Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen. 93 Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò. 94 Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo. 95 Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo. 96 Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan. 97 Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li. 98 Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan. 99 Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo. 100 Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo. 101 Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè. 102 Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay. 103 Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen. 104 Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti. 105 Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen. 106 Mwen fè sèman, epi m'ap kenbe sèman an: M'ap fè tou sa ou deside nan jistis ou. 107 Seyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankò jan ou te pwomèt la. 108 Seyè, koute lè m'ap lapriyè pou m' di ou mèsi. Fè m' konnen tou sa ou deside. 109 Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou. 110 Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lòd ou yo. 111 Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan. 112 Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri. 113 Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou. 114 Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m' nan pawòl ou. 115 Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an. 116 Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m' ka viv. Pa kite m' pran wont pou m' pa jwenn sa m'ap tann lan. 117 Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fè. 118 Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen. 119 Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo. 120 M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo. 121 Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m' nan men lènmi m' yo. 122 Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen. 123 Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin sove m', jan ou te pwomèt fè m' jistis la. 124 Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m' sa ou vle m' fè a. 125 Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m', pou m' ka konnen prensip ou yo. 126 Seyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou. 127 Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an. 128 Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti. 129 Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m'. 130 Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann. 131 Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman m' anvi konnen kòmandman ou yo. 132 Vire gade m' non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l' pou moun ki renmen ou yo! 133 Soutni m' avèk pawòl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen. 134 Delivre m' anba men moun k'ap peze m' yo pou m' ka mache dapre lòd ou yo. 135 Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m' santi ou la avè m'. Moutre m' sa ou vle m' fè. 136 Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou. 137 Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan. 138 Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre. 139 Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo. 140 Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li. 141 Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo. 142 Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite. 143 Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè. 144 Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv. 145 M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè. 146 M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo! 147 Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye. 148 Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo. 149 Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la. 150 Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan. 151 Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre. 152 Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan. 153 Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou! 154 Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la. 155 Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè. 156 Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m' lavi ankò, jan ou te deside l' la. 157 Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote. 158 Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou. 159 Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'. 160 Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan. 161 Yon bann chèf ap pèsekite m' san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif. 162 Pawòl ou fè kè m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richès. 163 Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil. 164 Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri. 165 Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite. 166 M'ap tann ou vin delivre m', Seyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m' fè. 167 M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo. 168 M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m' fè, paske ou konnen tout vire tounen m'. 169 Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann. 170 Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'. 171 Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè. 172 Se pou m' chante pou m' fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat. 173 Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo! 174 Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou. 175 Ban m' lavi pou m' fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m', jan ou te deside l' la. 176 Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.