Psalms 78:43-51

Haitian(i) 43 lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an. 44 Li fè dlo larivyè yo tounen san. Pesonn pa t' ka bwè dlo sa yo. 45 Li voye mouchavè sou yo pou devore yo. Li voye krapo pou detwi yo. 46 Li voye krikèt vèt pou manje rekòt yo, chwalbwa pou devore tout jaden yo. 47 Li touye pye rezen yo ak lagrèl, li touye pye sikomò yo ak fredi. 48 Li touye tout bèt jaden nan savann yo ak lagrèl, li touye bann mouton yo ak loray. 49 Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo. 50 Li kite kòlè l' pase sou yo, li pa t' sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo. 51 Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan.