Psalms 68:29-32

Haitian(i) 29 Bondye, fè wè pouvwa ou non! Wi, fè wè pouvwa ou te sèvi pou nou an! 30 Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou. 31 Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri! 32 Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye.