Psalms 50:4-6

Haitian(i) 4 Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a. 5 Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen. 6 Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!