Psalms 4:1-119:176

Haitian(i) 1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. 2 Lè m' rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m' jistis! Lè m' te nan tèt chaje, ou te vin ede m'. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen. 3 Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m' nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre! 4 Pa bliye, se Seyè a ki chwazi m' pou moun pa li. Seyè a tande m' lè mwen rele l'. 5 Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n' sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou. 6 Ofri bèt Seyè a mande pou yo touye pou li. Mete konfyans nou nan li! 7 Gen anpil moun k'ap di: -Jan nou ta renmen Bondye beni nou! Tanpri, Seyè, fè nou santi ou la avèk nou! 8 Kontantman ou mete nan kè m' pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason. Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m' kouche, dòmi pran m'. Seyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m'. 5 1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman yo rele fif pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. 2 Koute sa m'ap di ou, Seyè! Tande jan m'ap plenn! 3 Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m', Seyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Seyè. 4 Chak maten ou tande vwa m'. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m' devan ou. M'ap tann ou reponn mwen. 5 Ou se yon Bondye ki pa pran plezi nan bagay ki mal. Ou pa tolere mechan yo bò kote ou. 6 Moun k'ap vante tèt yo pa ka kanpe devan ou. Ou pa vle wè moun k'ap fè mechanste. 7 Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun. 8 Men mwen menm, m'a antre lakay ou, paske ou renmen m' anpil. M'ap lage kò m' nan pye ou, nan kay ki apa pou ou a. M'ap adore ou. 9 Seyè, mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'. Pran men m' pou m' ka fè sa ki dwat devan ou. Fè m' wè chemen ou mete devan m' lan, fè m' wè l' aklè. 10 Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun. 11 Se mechan yo ye. Kondannen yo, Bondye. Gate tout plan yo te fè. Pou valè peche yo fè, wete yo devan jè ou. paske se kenbe y'ap kenbe tèt ak ou. 12 Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan. Paske ou menm Seyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo. 6 1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. 2 Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè! 3 Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi. 4 Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò? 5 Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri. 6 Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a. 7 Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo. 8 Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo. 9 Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye. 10 Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li. Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo. 7 1 Plent David te pote bay Seyè a pou Kouch, moun laras Benjamen. 2 Seyè, Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Delivre m'. Pa kite m' tonbe nan men moun k'ap pèsekite m' yo. 3 Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m' ale, y'ap devore m' san pesonn p'ap ka pote m' sekou. 4 Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal, 5 si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon, 6 ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou. 7 Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m' yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m' sekou, paske se jistis ou m'ap chache. 8 Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout. 9 Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan. 10 Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo. 11 Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat. 12 Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo. 13 Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li. 14 Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife. 15 Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti. 16 Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li. 17 Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l' ki tounen kont li! Mwen menm, m'ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la. 8 1 Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm David. 2 Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la! 3 Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo. 4 Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li, 5 m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa? 6 Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè. 7 Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo: 8 Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo, 9 zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè. Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! 9 1 Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David. 2 M'a fè lwanj ou ak tout kè m', Seyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo. 3 Se ou menm k'ap fè m' chante, se ou menm k'ap fè kè m' kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou. 4 Parèt ou parèt, lènmi m' yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri. 5 Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m' jistis, ou defann kòz mwen. 6 Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan. 7 Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò. 8 Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis. 9 Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri. 10 Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray. 11 Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou. 12 Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè. 13 Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal. 14 Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyè, 15 pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'. 16 Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li. 17 Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo. 18 Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou. 19 Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon. 20 Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou. Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye. 10 1 Poukisa ou rete lwen konsa, Seyè? Poukisa ou kache kò ou konsa lè nou nan ka? 2 Mechan an ap gonfle lestonmak li, l'ap pèsekite malere yo. Se pou pye l' pran nan pèlen limenm li tann lan. 3 Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye. 4 Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li. 5 Tou sa li fè toujou mache byen. Li pa konprann jijman Bondye yo. L'ap meprize lènmi l' yo. 6 L'ap di nan kè l': Anyen pa ka brannen m'. Mwen p'ap janm nan pwoblèm. 7 Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l' pale moun mal, pou l' di gwo mo. 8 Li kache kò l' nan ti bouk yo, l'ap pare tann inonsan yo pou l' touye yo an kachèt. L'ap veye moun ki san defans. 9 Li anbiske kò l' tankou yon lyon nan kachèt li. Li kouche, l'ap tann malere yo. Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale. 10 Li bese, li kwoupi kò l', malere yo tonbe nan men l'. 11 Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'. 12 Leve non, Seyè! vin sove mwen! Bondye, pa bliye moun y'ap peze yo! 13 Ki jan mechan an fè ap meprize Bondye jouk pou li di nan kè l': Li p'ap pini mwen? 14 Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa. 15 Kraze pouvwa mechan yo, pouvwa moun k'ap fè mal yo. Fè yo rann kont pou sa yo fè, jouk yo disparèt nèt devan je ou. 16 Seyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a. 17 Seyè, w'a koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouraj. 18 W'a tande rèl moun y'ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo. W'a fè yo jistis. Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p'ap kapab fè moun pè ankò. 11 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se bò kote Seyè a m'ap chache pwoteksyon. Ki jan nou ka fè di m': Kouri al kache kò ou nan mòn tankou zwazo, 2 paske mechan yo pare banza yo, y'ap vize ak flèch yo pou yo tire nan fènwa sou moun k'ap mache dwat yo? 3 Pa gen anyen yon bon moun ka fè, lè tout bagay tèt anba. 4 Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè. 5 Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. li pa vle wè moun k'ap fè mechanste. 6 Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite. 7 Seyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li. 12 1 Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. 2 vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò! 3 Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt. 4 Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo. 5 Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd? 6 Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan. 7 Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon. 8 Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen! Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo. 13 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 2 Konbe tan ankò w'a bliye m', Seyè? Gen lè ou bliye m' nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m' pa wè ou? 3 Konbe tan ankò pou m' soufri? Konbe tan ankò pou m' gen lapenn nan kè mwen, pou m' gen lapenn lajounen kou lannwit? Konbe tan ankò lènmi m' yo va pilonnen m' anba pye yo? 4 Gade m' non, Seyè! Reponn mwen non, Bondye mwen! Kenbe m' pou m' pa mouri. 5 Konsa, moun k'ap pèsekite m' yo p'ap ka di: Nou fini avè l'! Yo p'ap gen chans wè m' tonbe pou yo kontan! 6 Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m' anpil. Kè m' kontan, paske ou delivre mwen. M'ap chante pou Seyè a, paske li te bon pou mwen. 14 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen. 2 Seyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'. 3 Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo. 4 Seyè a di: Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen! 5 Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo. 6 Y'ap pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz, men se nan Seyè a malere yo mete konfyans yo. 7 Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Seyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan. 15 1 Se yon sòm David. Seyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a? 2 Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l' ye nan kè li, 3 ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l' yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotaj sou vwazinaj. 4 Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Seyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l' chè. 5 Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l' bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe! 16 1 Sè yon kantik David. Pwoteje m', Bondye, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. 2 Mwen di Seyè a: -Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou! 3 Tout plezi m' se pou m' toujou la avè moun k'ap sèvi Seyè a nan peyi a. 4 Moun k'ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y'ap chache bay tèt yo. Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè. Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo. 5 Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou. 6 Ala yon bèl eritaj ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m' lan! 7 M'ap fè lwanj Seyè a paske li ban m' bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m' sa pou m' fè. 8 Mwen toujou mete Seyè a devan je m'. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'. 9 Se poutèt sa, kè m' kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye. 10 Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. 11 W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini. 17 1 Se yon lapriyè David. Seyè, koute kòz mwen lè m' gen rezon! Pran ka m', lè m'ap rele nan pye ou! Koute m' non, lè m'ap lapriyè ou, paske mwen p'ap bay manti. 2 Se ou menm ki pral fè m' jistis, paske ou wè kote jistis la ye. 3 Ou mèt sonde kè m', ou mèt vin wè m' nan mitan lannwit, ou mèt egzaminen m' tout jan, ou p'ap jwenn okenn move lide nan kè m'. Pawòl ki nan bouch mwen, se li ki nan kè m'. 4 Mwen pa fè tankou lòt yo. Mwen obeyi kòmandman ou yo. Mwen pa fè tankou moun k'ap maltrete frè parèy yo. 5 Se nan chemen ou yo mwen toujou mache. Se yo menm mwen swiv nèt ale. 6 M'ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m', koute sa m'ap di ou: 7 Fè moun wè jan ou gen bon kè, ou menm ki delivre moun y'ap pèsekite yo, lè yo vin chache pwoteksyon bò kote ou. 8 Pwoteje m' tankou grenn je ou. Kache m' anba zèl ou. 9 Wete m' anba men mechan k'ap maltrete m' yo. Lènmi m' yo soti pou yo touye m', yo sènen m' toupatou. 10 Yo san zantray. Yo awogan lè y'ap pale. 11 Kote m' fè, yo fann dèyè m'. Yo fin sènen m' nèt. Y'ap chache okazyon pou yo mete m' atè. 12 Yo tankou lyon, yo pa konn sa yo ta bay pou yo devore m'. Yo tankou jenn ti lyon, yo rete nan kachèt yo, y'ap veye m'. 13 Leve non, Seyè. Mache pran lènmi m' yo. Fese yo atè. Rale nepe ou, delivre m' anba men mechan yo. 14 Sove m' anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou. Tout byen yo se byen latè. Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen. Pitit yo pa manke anyen. Yo kite rès pou pitit pitit yo. 15 Men pou mwen menm, m'ap parèt devan ou, paske mwen inonsan. Lè m'a leve, m'ap kontan nèt ale, paske w'ap toujou la avèk mwen. 18 1 Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. 2 Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen. 3 Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache. 4 Mwen rele Seyè a: Li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a! 5 Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen. 6 Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'. 7 Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li. 8 Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè! 9 Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li. 10 Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li. 11 Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale. 12 Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l' toupatou. 13 Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l' lan. 14 Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li. 15 Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè. 16 Lè ou ankòlè, Seyè, van yo soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè. 17 Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan gwo dlo yo kote m' te ye a. 18 Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m' epi ki te pi fò pase m'. 19 Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te soutni m'. 20 Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen mwen. 21 Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan. 22 Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa vire do bay Bondye m' lan pou m' fè sa ki mal. 23 Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo. 24 Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal. 25 Se konsa li ban m' rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan. 26 Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon. 27 Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen. 28 Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn. 29 Seyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a. 30 Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans. 31 Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou. 32 Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an? 33 Se Bondye ki ban m' fòs, li fè m' mennen yon vi san repwòch. 34 Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe. 35 Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen. 36 Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki delivre m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. Pouvwa ou pa kite m' tonbe. 37 Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye. 38 Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen jwenn yo. Mwen pa tounen jouk tan mwen pa fin kraze yo nèt. 39 Mwen jete yo atè, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo. 40 Ou ban m' kont fòs pou batay la. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon. 41 Ou fè lènmi m' yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo. 42 Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo. 43 Mwen kraze yo, yo tout tounen pousyè van pote yo ale. Mwen mache sou yo tankou sou labou nan lari. 44 Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou mete m' chèf pou m' gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t' janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m'. 45 Moun lòt peyi yo ap flate m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi: 46 Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa. 47 Viv Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa! 48 Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen. 49 Li sove m' anba lènmi m' yo. Li wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo. 50 Se poutèt sa, Seyè, m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou. Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li te chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan. 19 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 2 Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'. 3 Jounen jòdi a rakonte koze sa a bay jounen denmen k'ap vini an. Lannwit sa a repete l' bay lannwit ki vin apre a. 4 Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi. 5 Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la. 6 Solèy la menm soti tankou yon nonm ki fèk marye k'ap soti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon gwonèg ki konnen li deja genyen kous la. 7 Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay. 8 Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann. 9 Regleman Seyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun. 10 Se pou nou gen krentif pou Seyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Seyè a se verite, yo pa janm nan patipri. 11 Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl. 12 Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m' anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo. 13 Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Seyè, delivre m' anba sa mwen fè ki mal san m' pa konnen! 14 Mwen menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m' tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen. Pa kite yo pran pye sou mwen. Se lè sa a m'a san repwòch. Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a. Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi. 20 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 2 Se pou Seyè a reponn ou lè ou anba tray. Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou. 3 Se pou l' rete lakay li pou l' voye ede ou. Se pou l' rete sou mòn Siyon an pou l' soutni ou. 4 Se pou l' chonje tou sa ou ofri ba li, pou l' kontan tou bèt ou fè touye pou li. 5 Se pou l' ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l' fè tou sa ou gen lide fè rive vre. 6 Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Seyè a ba ou tou sa ou mande l'. 7 Koulye a, mwen konnen Seyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l' genyen batay la avèk gwo pouvwa li. 8 Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou. 9 Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm. Seyè, fè wa a genyen batay la non! Reponn nou non, lè n'ap rele ou! 21 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 2 Wa a kontan, Seyè, dèske ou te ba li fòs kouraj. Wa a kontan nèt dèske ou fè l' genyen batay la. 3 Ou ba li tou sa l' te renmen. Ou pa t' refize l' sa l' te mande ou. 4 Ou vin bò kote l' avèk anpil benediksyon, ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li. 5 Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini. 6 Y'ap fè gwo lwanj pou li, paske ou ede l', ou fè yo respekte l', ou ba li bèl pozisyon, 7 Ou mete benediksyon ou sou li pou tout tan. Ou fè kè l' kontan paske ou la avè l'. 8 Wa a mete konfyans li nan Seyè a. Gremesi Bondye ki anwo nan syèl la, wa a la pou tout tan. 9 Wa a ap mete men l' sou tout lènmi l' yo, l'ap mache pran tout moun ki pa vle wè l' yo. 10 Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt. 11 W'ap disparèt tout pitit yo sou latè, w'ap disparèt tout ras yo pami lèzòm. 12 Y'ap fè move plan, y'ap fè konplo sou wa a, men sa p'ap mache pou yo. 13 L'ap tire flèch li sou yo, l'ap fè yo kouri ale. Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa! 22 1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. 2 Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan? 3 Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi. 4 Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou. 5 Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo. 6 Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pa t' janm regrèt yo te fè sa. 7 Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz. 8 Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen. 9 Y'ap di m' konsa: -Jan ou te konte sou Seyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Seyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou? 10 Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete. 11 Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen. 12 Pa rete lwen m' konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pesonn pou ede m'. 13 Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la. 14 Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen. 15 Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi. 16 Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri. 17 Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo. 18 Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'. 19 Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an. 20 Pa rete lwen m' konsa, Seyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m' sekou. 21 Pa kite yo touye m' ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m'. 22 Wete m' nan bouch lyon yo. Delivre m' anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè! 23 M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm. 24 Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li. 25 Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn. 26 M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo. 27 Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Seyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan. 28 Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li. 29 Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon. 30 Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li. 31 Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Seyè a bay pitit yo. Pitit yo menm, lè y'a fè pitit, y'a fè konnen jan Seyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li te fè pou yo. 23 1 Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen. 2 Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè. 3 Li fè m' reprann fòs. Li fè m' mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li. 4 Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase. 5 Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo. Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen. 6 Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m', w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m'. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan. 24 1 Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'. 2 Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo. 3 Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a? 4 Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun. 5 Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l' la va fè l' gras. 6 Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la. 7 Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre! 8 Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay. 9 Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre! 10 Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a. 25 1 Se yon sòm David. Seyè, m'ap fè lapriyè m' moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. 2 Piga ou fè m' wont, pa kite lènmi yo pase m' nan betiz. 3 Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi. 4 Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a! 5 Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen. 6 Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan. 7 Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'! 8 Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv. 9 Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la. 10 Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo. 11 Seyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m' yo, paske yo anpil. 12 Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran. 13 L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo. 14 Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a. 15 Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa. 16 Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs. 17 Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a. 18 Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo. 19 Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen. 20 Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache. 21 Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye. 22 O Bondye, delivre pèp Izrayèl la anba tray l'ap pase yo. 26 1 Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou. 2 Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m', 3 Ou fè m' wè jan ou renmen mwen. M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la. 4 Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ipokrit. 5 Mwen rayi tout moun k'ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo. 6 Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a, 7 pou m' fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m' rakonte tout bèl bagay ou yo. 8 Seyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a. 9 Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo, 10 ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun. 11 Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen. 12 M'ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M'a fè lwanj Seyè a nan mitan pèp la lè l' reyini. 27 1 Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble? 2 Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe. 3 Menm si tout yon lame ta sènen m' toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè m' lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye. 4 Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a. 5 Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'. 6 Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m' yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Seyè a. 7 Seyè, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non! 8 Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè. 9 Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m' pou kont mwen, pa lage m'. 10 Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen. 11 Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. Fè m' mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'. 12 Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti. 13 Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m' wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a. 14 Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a! 28 1 Se yon sòm David. Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m'. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere. 2 Tande m' non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m' non, lè mwen leve de bra m' nan direksyon kay ki apa pou ou a. 3 Pa mete m' nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo. 4 Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite. 5 Yo pa pran ka sa Seyè a te fè, sa l' te fè ak men l'. Se pou Seyè a detwi yo, se pou l' disparèt yo nèt alè. 6 Ann fè lwanj Seyè a. Li tande m' lè mwen rele l'. 7 Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li. 8 Se Seyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l'. 9 Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan. 29 1 Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! 2 Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a! 3 Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a. 4 Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'! 5 Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo. 6 Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf. 7 Vwa Seyè a fè zèklè. 8 Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble. 9 Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li. 10 Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan. 11 Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze. 30 1 Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. 2 M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib. 3 Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen. 4 Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri. 5 Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi. 6 Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan. 7 Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'. 8 Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase. 9 Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou. 10 Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou? 11 Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou! 12 Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt. Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi. 31 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 2 Seyè, m'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m' pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen. 3 Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'. 4 Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m', kondi m' poutèt non ou pote a. 5 Pa kite m' tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k'ap pwoteje m'. 6 Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li. 7 Ou rayi moun k'ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye. 8 M'ap kontan, m'ap fè fèt, paske ou renmen m'. Ou wè jan m'ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye. 9 Ou pa kite lènmi m' yo mete men sou mwen, ou mete m' yon kote pou anyen pa rive m'. 10 Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen anba tray. Figi m' fin rale, mwen kagou. Kò m' ap fin deperi afòs mwen gen lapenn. 11 Mwen pase tout lavi m' ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. 12 Tout lènmi m' yo ap pase m' nan rizib. Vwazen m' yo ap pase m' nan betiz. Tout moun ki konnen m' yo pè m'. Lè yo wè m' nan lari, yo kouri pou mwen. 13 Tout moun gen tan bliye m', tankou si m' te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete. 14 Mwen tande jan anpil moun ap pale m' mal. Kote m' pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m', y'ap fè konplo pou yo touye m'. 15 Men, Seyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen. 16 Lavi m' nan men ou. Delivre m' anba lènmi m' yo, anba moun k'ap pèsekite m' yo. 17 Se sèvi m'ap sèvi ou, tanpri, fè m' santi ou la avèk mwen. Delivre m', paske ou renmen m'. 18 M'ap rele ou, Seyè. Pa kite m' pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik. 19 Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo. 20 Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! 21 Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang. 22 Lwanj pou Seyè a! Ala bèl bagay li fè pou l' moutre jan l' renmen mwen, lè m' te anba tray, lè yo te sènen m' toupatou a! 23 Mwen te pè, mwen t'ap di nan kè m': -Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m' t'ap mande ou sekou. 24 Nou tout k'ap sèvi Seyè a, se pou nou renmen l'. Wi, Seyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l'ap pini moun k'ap vante tèt yo. Nou tout ki met espwa nou nan Seyè a, pran kouraj, kenbe fèm. 32 1 Se yon kantik David. Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa gade sou fòt li fè, lè Bondye padonnen peche l' yo! 2 Ala bon sa bon pou yon moun lè Seyè a pa mande l' kont pou sa li fè ki mal, lè li pa gen okenn lide twonpe Bondye! 3 Tank mwen pa t' ankò vle rekonèt peche m' yo, mwen t'ap cheche sou pye. Tout lajounen, mwen t'ap plenn. 4 Lajounen kou lannwit ou t'ap kale m', Seyè. Mwen fin rann tout ji mwen, tankou tè sèk nan sezon chalè. 5 Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo. 6 Se konsa, moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo gen pou lapriyè ou lè yo nan tray. Si yo nan gwo dlo, anyen p'ap rive yo. 7 Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m'. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m'. 8 Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou. 9 Pa fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann. Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo. Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo. 10 Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Seyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo. 11 Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan, chante pou sa Seyè a fè pou nou. Nou tout k'ap mache dwat devan Bondye, rele, fè wè jan nou kontan. 33 1 Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li. 2 Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li. 3 Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò. 4 Paske, pawòl Seyè a se verite. Li fè tout bagay jan l' te di l' la. 5 Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè. 6 Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt. 7 Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa. 8 Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li. 9 Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt. 10 Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè. 11 Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt. 12 Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la! 13 Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun. 14 Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a. 15 Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè. 16 Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo. 17 Pa mete nan tèt ou yon chwal ka fè ou genyen batay la. Bon kou l' bon, li pa ka sove pesonn. 18 Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo. 19 L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a. 20 Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou. 21 Se li ki fè kè nou kontan. Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa. 22 Tanpri, Seyè, toujou fè nou favè, menm jan nou menm nou mete tout espwa nou nan ou. 34 1 Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. 2 Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li. 3 M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. 4 Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm! 5 Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo. 6 Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont. 7 Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray. 8 Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje. 9 Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li! 10 Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen. 11 Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen. 12 Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a. 13 Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan? 14 Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti. 15 Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun. 16 Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'. 17 Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo. 18 Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray. 19 Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. 20 Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo. 21 L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze. 22 Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman. Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'. 35 1 Se yon sòm David. Seyè, atake moun ki pa vle wè m' yo, goumen ak moun k'ap fè m' lagè yo. 2 Pran zam ou sèvi pou pare kou a, leve non, vin pote m' sekou. 3 Pran fwenn ou, pran rach ou. Atake moun k'ap pousib mwen yo. Fè m' konnen se ou menm k'ap delivre m'. 4 Se pou moun k'ap chache touye m' yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k'ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè. Se pou yo pa ka leve tèt yo. 5 Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo. 6 Se pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lè zanj Bondye a ap talonnen yo. 7 San m' pa fè yo anyen, y'ap tann pèlen pou mwen. San m' pa fè yo anyen, y'ap fouye yon twou byen fon pou m' ka tonbe ladan l'. 8 Men, y'ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo, y'ap pran nan pèlen yo te tann lan, y'ap tonbe nan twou yo te fouye a. 9 Se konsa Seyè a pral fè kè m' kontan, m'ap kontan anpil, paske li delivre mwen. 10 M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo. 11 Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè. 12 Moun mwen fè byen se yo k'ap fè m' mal. Mwen fin dekouraje. 13 Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo, 14 menm jan mwen ta lapriyè pou yon zanmi osinon pou yon frè. M'ap mache do ba ak gwo lapenn nan kè m', tankou yon moun ki pèdi manman l'. 15 Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y'ap fè pil dèyè do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf. 16 Yo atake m', yo pase m' nan betiz. Y'ap gade m', y'ap griyen dan sou mwen. 17 Seyè, pou konbe tan ankò w'a penmèt sa? Pwoteje m' non anba bèt sovaj sa yo. Sove m' anba lyon sa yo. 18 M'a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun. 19 Pa kite lènmi m' yo, bann mantò sa yo, fè fèt sou tèt mwen. Pa kite moun sa yo ki rayi m' san m' pa fè yo anyen an fè siy sou mwen. 20 Yo pale tankou moun k'ap chache kont. Y'ap kalkile tout kalite manti pou yo fè sou moun ki pa nan kont ak pesonn nan peyi a. 21 Yo louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen. Y'ap di: -Wi! Nou te wè ou! 22 Men ou menm, Seyè, ou wè tout bagay. Pa rete san ou pa di anyen nan sa, Seyè! Pa rete lwen m' konsa. 23 Leve non, Seyè, vin pran defans mwen! Leve non, Bondye mwen, vin plede kòz mwen! 24 Ou pa nan patipri, Seyè. Fè m' jistis. Pa kite lènmi m' yo fè fèt sou tèt mwen. 25 Pa kite yo di nan kè yo: -Wi! se sa menm nou te vle rive li! Pa kite yo di: -Nou fini avè l'! 26 Tout moun ki kontan wè jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache! 27 Se pou moun ki kontan wè jan m' inonsan an pran rele byen fò san rete. Se pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze. 28 Lè sa a, m'a fè konnen jistis ou, m'a fè lwanj ou tout lajounen. 36 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. 2 Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye. 3 Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo. 4 Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko. 5 Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal. 6 Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou. 7 Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo. 8 Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon. 9 Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo. 10 Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè! 11 Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou! 12 Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri. Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò! 37 1 Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo! 2 Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon. 3 Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze! 4 Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen. 5 Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou. 6 L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi. 7 Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo. 8 Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal. 9 Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo. 10 Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo. 11 Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale. 12 Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo. 13 Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan. 14 Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo. 15 Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo. 16 Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal. 17 Paske, Bondye ap kraze kouraj mechan yo, men l'ap soutni moun ki mache dwat yo. 18 Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan. 19 Yo p'ap wont lè bagay gate, y'ap jwenn tou sa yo bezwen lè grangou tonbe sou peyi a. 20 Men mechan yo ap peri. Moun ki pa vle wè Seyè a ap fennen tankou flè savann. Y'ap disparèt tankou lafimen. 21 Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado. 22 Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a. 23 Seyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat. 24 Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men. 25 Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite. 26 Okontrè, moun ki mache dwat l'a toujou gen kè sansib pou l' bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun. 27 Pa fè mal, fè sa ki byen. W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete. 28 Paske, Seyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt. 29 Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan. 30 Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki soti nan bouch li. 31 Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite. 32 Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l' touye l'. 33 Men, Seyè a p'ap lage l' nan men mechan an, li p'ap kite yo kondannen l' lè y'ap jije l'. 34 Mete konfyans ou nan Seyè a, fè tou sa l' mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè. 35 Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou. 36 Apre sa, mwen tounen vin pase kote l' te ye a, li pa t' la. Mwen chache l', mwen pa janm wè l' ankò. 37 Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit. 38 Men, moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt. Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou. 39 Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray. 40 L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon. 38 1 Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. 2 Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè! 3 Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale. 4 Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal. 5 Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen. 6 Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou. 7 Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je. 8 Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m' 9 Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri. 10 Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri. 11 Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo! 12 Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an. 13 Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen. 14 Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale. 15 Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a. 16 Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen. 17 Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape. 18 Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen. 19 Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè. 20 Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'. 21 Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen. 22 Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè! Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen. 39 1 Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. 2 Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen. 3 Mwen fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo, mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m' anyen. Mwen soufri pi rèd. 4 Kè m' te sere anpil. Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m'. Mwen pa t' kapab ankò. Mwen mande: 5 Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a. 6 Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye. 7 Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo. 8 Koulye a, Seyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m' se sou ou! 9 Delivre m' anba tout peche m' yo. Pa kite egare yo pase m' nan betiz. 10 M'ap fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo. Paske tou sa se travay ou. 11 Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo. 12 Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye. 13 Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou. Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m' ka pran yon ti souf, anvan m' ale, anvan m' mouri. 40 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 2 Mwen te mete tout espwa m' nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m', li te tande m' lè m' t'ap rele. 3 Li rale m' soti nan twou kote m' t'ap peri a, nan gwo ma labou a. Li mete m' sou gwo wòch la, li fè m' kanpe dwat ankò. 4 Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m' fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Seyè a. 5 Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, pou moun ki p'ap swiv ni moun k'ap fè awogans yo ni moun k'ap bay manti yo! 6 Seyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Seyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo. 7 Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche. 8 Lè sa a mwen di: -Men mwen, mwen vini, jan sa ekri sou mwen nan liv la. 9 Bondye mwen, mwen pran plezi m' nan fè sa ou vle m' fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m' 10 Seyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen. 11 Mwen pa t' manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pa t' manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou. 12 Seyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m', paske ou renmen m'. Ou p'ap janm lage m'. 13 Kote m' vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m' yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouraj mwen. 14 Seyè, tanpri, delivre m' non! Prese vin pote m' sekou, Seyè. 15 Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont. 16 Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo tèlman yo wont. 17 Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize! 41 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 2 Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray. 3 Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'. 4 Seyè a va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Seyè a va ba l' gerizon lè li malad kouche. 5 Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou. 6 Lènmi m' yo ap pale m' mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l'? 7 Moun ki vin wè m' yo, se yon bann ipokrit. Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl. Soti yo soti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou. 8 Tout moun ki pa vle wè m' yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m' fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen. 9 Y'ap di: Msye kondannen. Kote l' kouche a, nanpwen leve pou li ankò. 10 Ata pi bon zanmi m' lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m' lan, ata li menm, li trayi m'. 11 Men ou menm, Seyè, gen pitye pou mwen. Mete m' sou de pye m' ankò, pou m' ka ba yo sa yo merite. 12 M'a konnen ou kontan avè m' vre si m' wè lènmi m' yo pa banboche sou do m'. 13 Wi, w'ap soutni m', paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m' kanpe la devan ou pou tout tan. Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre! 42 1 Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. 2 Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. 3 Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m' ava ale pou m' adore Bondye lakay li? 4 Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki soti nan je m' ki sèvi m' manje. Se tout tan moun ap mande m': -Kote Bondye ou la? 5 Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi. 6 Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m'? M'ap met espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen. 7 Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m' ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m' sou ou. 8 Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l' lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen. 9 Lajounen Seyè a fè m' anpil favè. Lannwit mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen. 10 Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m' kache a: -Poukisa ou bliye m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo? 11 Mwen santi tout zo nan kò m' ap fè m' mal. lè moun k'ap pèsekite m' yo ap joure m', lè tout tan y'ap mande m': -Kote Bondye ou la? Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen. 43 1 Fè m' jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m' anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste. 2 Se ou ki Bondye mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Poukisa ou lage m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo? 3 Voye limyè ou, moutre m' verite ou la. Fè yo fè m' wè chemen pou m' pran an. Fè yo mennen m' sou mòn ki apa pou ou a, nan kay kote ou rete a. 4 Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan. 5 Wi, men poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè m'? M'ap mete espwa mwen nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen. 44 1 Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. 2 Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan. 3 Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo. 4 Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo. 5 Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans. 6 Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo. 7 Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m' ki pou delivre m'. 8 Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pa t' vle wè nou yo wont. 9 Se chak jou n'ap fè lwanj ou. Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi. 10 Men koulye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa soti ansanm avèk lame nou yo ankò. 11 Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz. 12 Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo. 13 Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li. 14 Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib. 15 Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou. 16 -(we vèsè pwochen) 17 Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'. 18 Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an. 19 Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an. 20 Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la. 21 Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye, 22 èske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun? 23 Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa. 24 Louvri je ou, Seyè. Poukisa w'ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt! 25 Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou? 26 Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat. Leve non. vin pote nou sekou! Jan ou renmen nou sa, vin delivre nou non! 45 1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se yon chante pitit Kore yo. Se yon chan damou. 2 Mwen gen anpil bèl pawòl nan bouch mwen. Mwen pral chante yon chante pou wa a, mwen tankou yon moun ki konn konpoze bèl chante. 3 Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè. Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou. 4 Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou. 5 Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la. 6 Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou. Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo. 7 Gouvènman ou lan la pou tout tan tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la. 8 Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou l'a chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo. 9 Tout rad ou santi bon ak odè flè jasmen, womaren ak sitwonèl. Nan palè ou ki kouvri ak livwa, y'ap fè mizik pou fè kè ou kontan. 10 Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi. 11 Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo. 12 Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'. 13 Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou. 14 Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò. 15 Yo mennen l' bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l': yo prezante yo ba ou tou. 16 Y'ap vini, yo kontan, y'ap chante, y'ap antre nan palè wa a. 17 Monwa, pitit ou yo va chita kote zansèt ou yo te chita a. W'ap mete yo chèf sou tout latè. Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou, konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan. 46 1 Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. 2 Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray. 3 Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen. 4 Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè. 5 Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la. 6 Bondye nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen. Depi granmaten, Bondye ap pote l' sekou. 7 Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble. 8 Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache. 9 Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè! 10 Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt. 11 Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè. Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache! 47 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. 2 Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan! 3 Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè. 4 Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou. 5 Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo. 6 Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan. 7 Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li! 8 Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li! 9 Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a. Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay. 48 1 Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. 2 Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a. 3 Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a. 4 Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache. 5 Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan. 6 Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè. 7 Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche, 8 tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè. 9 Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la. 10 Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye. 11 Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis. 12 Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis. 13 Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen. 14 Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba. 49 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. 2 Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè, 3 gran kou piti, rich kou pòv. 4 Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m' se bagay ki gen sans. 5 M'ap louvri zòrèy mwen pou m' tande parabòl la. Mwen pral esplike l' ban nou antan m'ap jwe mizik. 6 Poukisa pou m' ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m' yo sènen m' toupatou ak move lide nan tèt yo? 7 Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen, 8 pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo. 9 Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt. 10 Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè? 11 Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun. 12 Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo. 13 Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa. 14 Se konsa y'ap fini, moun ki mete konfyans yo nan pwòp tèt yo. Se sa ki gen pou rive moun k'ap koute pawòl yo tou. 15 Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete. 16 Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò. 17 Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li. 18 Lè l' mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè. 19 Li te mèt kontan jan l' t'ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l' ap mache byen, 20 yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò. Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa. 50 1 Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble. 2 Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an. 3 Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega. 4 Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a. 5 Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen. 6 Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij! 7 Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou. 8 Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo. 9 Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou. 10 Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou. 11 Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye. 12 Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye. 13 Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit? 14 Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la. 15 Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen. 16 Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou? 17 Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo. 18 Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo. 19 Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay. 20 Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou. 21 Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou. 22 Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou. 23 Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo. 51 1 Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a 2 lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba. 3 Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib. 4 Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan. 5 Mwen rekonèt sa m' fè a pa bon. Se tout tan peche m' lan devan je m'. 6 Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije. 7 Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'. 8 Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non! 9 Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton. 10 Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò. 11 Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo. 12 O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm. 13 Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. 14 Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan. 15 Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou. 16 Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè. 17 Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou. 18 Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo. 19 Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li. O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo. Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a. 52 1 Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri 2 lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l' konnen David te al kache lakay Akimelèk. 3 Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje. 4 W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun. 5 Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite. 6 Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè! 7 Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo. 8 Moun k'ap mache dwat yo va wè sa, y'a gen krentif pou Bondye. Men y'a pase ou nan betiz, y'a di: 9 Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal. Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen. M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sevi ou yo pou m' fè konnen jan ou bon. 53 1 Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm, tankou timoun lekòl. Se yon sòm David. 2 Moun fou di nan kè yo: -Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen. 3 Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'. 4 Men, yo tout vire do bay Bondye. Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal. Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen, non, pa menm gen yon sèl ladan yo. 5 Bondye di: -Moun sa yo k'ap fè mechanste, se konnen yo pa konnen? Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen. 6 Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble, san pa gen rezon pou yo tranble. Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo, w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo. Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' delivre pèp Izrayèl li a? Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan. 54 1 Pou chèf sanba yo. Se yon chante David 2 te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. 3 Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou! 4 Bondye, koute m' non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap soti nan bouch mwen! 5 Paske gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m', yon bann mechan ki soti pou touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye! 6 Men, Bondye ap vin ede m'. Seyè a ap pran defans mwen. 7 L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m' yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li. Seyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan, m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen. Ou delivre m' anba tray mwen te ye a; ou fè m' wè lènmi m' yo pèdi batay la. 55 1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman mizik akòd pou yo jwe mizik la. Se yon chante David. 2 Bondye, panche zòrèy ou bò kote m'! Koute m' non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou! 3 Pran ka mwen, koute m', reponn mwen non! Kè m' sere, m'ap plenn! 4 Mwen boulvèse lè m' tande lènmi m' yo ap pale, lè m' tande mechan yo ap pale byen fò. Yo fè malè tonbe sou mwen. Yo move sou mwen, y'ap pèsekite m'. 5 Mwen santi kè m' kase. Sezisman pran m' lè m' wè mwen fin mouri. 6 Tout kò m' ap tranble tèlman mwen sezi. 7 Mwen di konsa: -Pa pito m' te gen zèl tankou yon toutrèl! Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m' pran repo. 8 Mwen ta kouri pati ale byen lwen. Mwen t'aval rete pou kont mwen nan dezè a. 9 Mwen ta prese jwenn yon kote pou m' kache pou gwo van an, pou gwo lapli a pa fè m' anyen. 10 Seyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di. Paske, sa m' wè nan lavil la se chen manje chen, yonn ap goumen ak lòt. 11 Lajounen kou lannwit se sa ase ou tande nan lavil la. Anndan lavil la menm, se mechanste, se malfezans. 12 Kote ou pase se moun k'ap kraze brize. Nan tout lari se fè moun lenjistis, se twonpe moun. 13 Si se te yon moun ki rayi m' ki t'ap pale m' mal, mwen ta reziyen m'. Si se te yon moun ki pa vle wè m' ki te leve dèyè mwen, mwen ta kache kò m' pou l' pa jwenn mwen. 14 Men, se ou menm, kanmarad mwen, yon bon zanmi m' ki te konn tout ti zafè m'. 15 Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo. 16 Se pou yo rete konsa, yo tonbe yo mouri. Se pou yo desann tou vivan kote mò yo ye a, paske mechanste a kaye lakay yo, li nan fon kè yo. 17 Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen. 18 Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen. 19 L'a fè m' viv ak kè poze, l'a delivre m' nan batay m'ap mennen ak moun ki leve dèyè m' yo. Yo te mèt anpil. 20 Bondye k'ap gouvènen depi tout tan an va koute m', l'a kraze lògèy yo. Paske, yo p'ap janm chanje, yo pa gen krentif pou Bondye. 21 Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt. 22 Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa. 23 Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe. Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen. 56 1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat. 2 Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen. Tout lajounen y'ap fè m' lagè, y'ap toumante mwen. 3 Tout lajounen lènmi m' yo ap pousib mwen. Se pa ti anpil yo anpil, moun k'ap fè m' lagè yo. 4 Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. 5 Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'? 6 Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal! 7 Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y'ap veye tout vire tounen mwen. Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m'. 8 Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou. 9 Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a? 10 Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen. 11 M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Seyè a. 12 Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen? 13 O Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m' di ou mèsi. Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo. 57 1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè li te al kache nan gwòt la pou Sayil ki t'ap kouri dèyè l'. 2 Gen pitye pou mwen, Bondye! -Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase. 3 M'ap kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la, nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an. 4 L'ap rete nan syèl la, l'ap delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo. Bondye va fè m' wè jan li renmen mwen, jan li toujou kenbe pawòl li. 5 Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file. 6 Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè! 7 Lènmi m' yo tann yon pèlen sou wout kote pou m' pase a. Kè m' sere anpil. Yo fouye yon twou sou wout mwen. Men, se yo menm ki tonbe ladan li. 8 Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou. 9 M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve! 10 Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! 11 Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè! 58 1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. 2 Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri? 3 Non! Okontrè! Se move lide ase ki nan kè nou. N'ap plede fè mechanste nan tout peyi a. 4 Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt. 5 Yo gen yon pwazon nan bouch yo, tankou pwazon sèpan. Yo pa pran priyè, yo tankou sèpan aspik, 6 ki fèmen zòrèy yo pou yo pa tande vwa moun k'ap chante pou fè yo dòmi, menm lè moun yo gen bèl bèl vwa. 7 Bondye, tanpri, kase dan nan bouch yo! Kase kwòk dan jenn lyon yo, Seyè! 8 Se pou yo disparèt tankou dlo lavalas k'ap koule desann. Se pou moun kraze yo anba pye tankou zèb sou granchemen. 9 Se pou yo fonn tankou mantèg nan solèy. Se pou yo pa janm wè solèy tankou tibebe ki fèt tou mouri. 10 Anvan menm yo konnen sa k'ap rive yo, se pou yo boule tankou raje. Bondye ap fè kòlè, l'ap rache yo pandan yo tou vivan. 11 Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo. Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè. 59 1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè Sayil te voye moun veye kay li pou touye l'. 2 Delivre m' anba lènmi m' yo, Bondye mwen! Pwoteje m' pou moun k'ap leve dèyè m' yo pa jwenn mwen! 3 Delivre m' anba malveyan yo! Sove m' anba ansasen sa yo! 4 Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè. 5 Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! vin bò kote mwen! Gade yo! 6 Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou! 7 Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen. 8 Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou! 9 Men ou menm, Seyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt. 10 Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon. 11 Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal. 12 Pa touye yo pou moun pa m' yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Seyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. 13 Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo. 14 Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè. 15 Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la. 16 Y'ap moute desann, y'ap chache manje. Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo. 17 Men mwen menm, m'ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m' te anba tray. Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kot Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kot Bondye ki renmen m' lan. 60 1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon chante David te fè pou moutre moun anpil bagay. 2 Li te ekri l' lè li t'ap fè lagè ak moun Aram yo ki te soti nan peyi Naarayen ak peyi Soba. Sa te rive aprè Joab te tounen nan batay la pou l' te touye douz mil (12.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la. 3 Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò! 4 Ou fè peyi a tranble, ou mete l' tèt anba. Mete l' sou de pye l' ankò, paske li prèt pou tonbe nèt. 5 Ou kite pèp ou a pase anba kont tray li. Ou ba li bwè yon bweson ki fè tèt li vire. 6 Ou bay moun ki gen krentif pou ou yo yon drapo, pou lè batay la yo jwenn kote pou yo kache. 7 Delivre nou ak pouvwa ou. Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans. 8 Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt. 9 Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman mwen li ye. 10 Men m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran li. 11 Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon? 12 Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò? Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch. Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'. 61 1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. 2 Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou! 3 Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a. 4 Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo. 5 Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou. 6 Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan. 7 Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò. 8 Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'. Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a. 62 1 Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. 2 Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen. 3 Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'. 4 Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe? 5 Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay. 6 Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen. 7 Se li menm sèlman k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m'. 8 Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen. 9 Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou. 10 Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a. 11 Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou. 12 An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete. Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. 63 1 Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. 2 Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli. 3 Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou. 4 renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou. 5 Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè. 6 M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou. 7 Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile. 8 Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan. 9 Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen. 10 Men, moun k'ap chache touye m' yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a. 11 Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo. Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo. 64 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 2 Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo. 3 Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo. 4 Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon. 5 Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen. 6 Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou? 7 Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè. 8 Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese. 9 Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz. 10 Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè. Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l' la va fè lwanj li. 65 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante. 2 Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a. 3 Paske ou tande lè y'ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou, 4 pou rekonèt peche yo. Peche nou yo twòp pou nou. Men, w'ap efase yo. 5 Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a. 6 Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou. 7 Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa. 8 Ou kase lanmè a lè l' move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move. 9 Moun ki rete nan dènye bout latè a pran tranble lè yo wè bèl bagay ou fè yo. Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche ou fè moun rele sitèlman yo kontan. 10 Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l'. Ou fè l' donnen anpil. Larivyè Bondye toujou plen dlo. Ou pare yon bèl rekòt mayi. Men ki jan ou pran swen tè a: 11 Ou mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo. Ou kase bit tè yo. Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li. Ou fè grenn yo jèmen. 12 Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite! 13 Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan. Jaden yo plen zannimo. Jaden mayi kouvri tout fon yo. Fon yo kontan, y'ap chante sitèlman yo kontan. 66 1 Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye! 2 Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li! 3 Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou. 4 Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè. 5 Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li. 6 Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè! 7 Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo? 8 Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li! 9 Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise. 10 Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray. 11 Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou. 12 Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou. 13 M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a. 14 M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la. 15 M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit. 16 vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen. 17 Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li. 18 Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la. 19 Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè. 20 Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè. 67 1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante. 2 Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou, 3 pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle, pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm. 4 Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou. 5 Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan. Se pou yo chante tèlman yo kontan, paske ou jije pèp yo san patipri, ou dirije tout nasyon ki sou latè. 6 Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou. 7 Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou. Wi, Bondye te voye benediksyon li sou nou. Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li. 68 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se yon chante. 2 Lè Bondye kanpe, lènmi l' yo gaye, moun ki rayi l' yo kouri lè l' parèt. 3 Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye. 4 Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y'ap fè fèt devan Bondye. Y'ap kontan anpil anpil. 5 Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou. 6 Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo. 7 Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon. 8 O Bondye, lè ou t'ap mache alatèt pèp ou a, lè ou t'ap travèse dezè a, 9 tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la. 10 Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li. 11 Pèp ou a moute kay li nan peyi ou pare pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè. 12 Seyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la: 13 Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè. 14 Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò. 15 Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a, li te fè lanèj kouvri mòn Salmon. 16 Ala yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan! Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an! 17 Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l' rete a? Se la Seyè a ap rete pou tout tan. 18 Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a. 19 Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo. 20 Ann fè lwanj Seyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou. 21 Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a. 22 Bondye gen pou l' kraze tèt lènmi li yo. Wi, li gen pou l' kraze zo bwa tèt moun k'ap viv nan peche. 23 Seyè di: -M'ap fè lènmi yo tounen soti nan peyi Bazan. M'ap fè yo tounen soti nan fon lanmè a. 24 pou ou ka mache nan san yo, pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo. 25 Bondye, tout moun wè jan y'ap fè fèt pou ou. Yo wè ki jan Bondye mwen an, wa mwen an, ap mache antre kote ki apa pou li a. 26 Moun k'ap chante ap mache devan, mizisyen yo dèyè. Jenn fi yo nan mitan, y'ap bat tanbouren. 27 Fè lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l' reyini. Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo! 28 Benjamen, ki pi piti a, vin alatèt yo. Apre li, vini chèf peyi Jida yo ak lame yo. Apre yo, vini chèf peyi Zabilon ak chèf peyi Neftali yo. 29 Bondye, fè wè pouvwa ou non! Wi, fè wè pouvwa ou te sèvi pou nou an! 30 Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou. 31 Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri! 32 Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye. 33 Nou menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye! Chante pou fè lwanj Seyè a, 34 pou Bondye k'ap kouri chwal li nan syèl la, nan syèl ki la depi lontan lontan an. Tande jan l'ap rele, jan l'ap rele byen fò. 35 L'ap di: -Rekonèt jan Bondye gen pouvwa! L'ap dominen sou pèp Izrayèl la. Syèl la fè nou konnen jan li gen pouvwa. Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l'. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi! 69 1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David. 2 Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen. 3 M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen. 4 Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an. 5 Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran. 6 Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou. 7 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m' tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m' fè moun k'ap sèvi ou yo wont. 8 Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'. 9 Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo. 10 Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure. 11 Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa. 12 Si m' mete yon rad sak sou mwen pou m' mande ou padon, y'ap pase m' nan rizib. 13 Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen. 14 Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou. 15 Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an. 16 Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m' neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen. 17 Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib. 18 Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka. 19 vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo. 20 Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo. 21 Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt. 22 Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen. 23 Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo. 24 Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò! 25 Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo! 26 Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò. 27 Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a. 28 Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo. 29 Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo. 30 Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò. 31 M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa. 32 Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m' ta ofri l' yon bèf, pase si m' ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn. 33 Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo. 34 Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon. 35 Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye. 36 L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo. Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv. 70 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. 2 Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè! 3 Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont. 4 Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont. 5 Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa! Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè! 71 1 Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m' wont! 2 Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m' non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m'. Pote m' sekou! 3 Se ou menm ki twou wòch kote pou m' kache. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen. 4 Bondye mwen, wete m' anba men mechan yo, anba ponyèt moun k'ap bay manti yo ak moun k'ap fè mechanste yo. 5 Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason. 6 Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou. 7 Lavi m' se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m' ak tout fòs ou. 8 Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa. 9 Koulye a mwen fin granmoun, tanpri pa voye m' jete. Koulye a mwen fin pèdi fòs, pa lage m'. 10 Lènmi m' yo ap pale m' mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m'. 11 Y'ap plede di: -Bondye lage l'. Kouri dèyè l', kenbe l', paske pa gen moun pou delivre l'. 12 Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m' sekou. 13 Se pou moun k'ap atake m' yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen. 14 M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan. 15 M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann. 16 Seyè, Bondye, m'a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou. M'a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa. 17 Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo. 18 Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan, 19 jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou! 20 Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a. 21 W'ap fè m' pi grannèg pase jan m' te ye a. W'ap konsole m' ankò. 22 Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la. 23 M'a chante pou ou. M'a rele sitèlman mwen kontan. M'a chante ak tout kè m' paske ou te delivre m'. 24 Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m' yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè. 72 1 Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la! 2 Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt. 3 Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a. 4 Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la. 5 Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan. 6 Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a. 7 Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè. 8 L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a. 9 Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè. 10 Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li. 11 Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'. 12 L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou. 13 L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen. 14 L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li! 15 Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki soti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou. 16 Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden. 17 Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a. 18 Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo. 19 Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn! 20 Avèk sòm sa a, nou fini ak lapriyè David, pitit Izayi a, te fè. 73 1 Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo. 2 Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe, 3 paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz. 4 Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra. 5 Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen. 6 Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun. 7 Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo. 8 Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun. 9 Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans. 10 Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo. 11 Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen? 12 Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches. 13 Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè? 14 Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen. 15 Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo. 16 Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen, 17 jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini. 18 Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini. 19 Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè. 20 Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa. 21 Lè sa a, mwen santi m' dekouraje; sa te fè m' mal anpil. 22 Mwen te sòt, mwen pa t' konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou. 23 Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe. 24 Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou. 25 Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè. 26 Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen. 27 Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou. 28 Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè. 74 1 Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo? 2 Pa bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou! Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a! 3 vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a. 4 Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo. 5 Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak. 6 Yo kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato. 7 Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè. 8 Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a! 9 Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje. 10 Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou? 11 Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze? 12 Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè. 13 Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo. 14 Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l'. 15 Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch. 16 Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo. 17 Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi. 18 Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou! 19 Pa lage pèp ou nan men lènmi l' yo tankou toutrèl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt. 20 Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen. 21 Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou. 22 Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen! 23 Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete. 75 1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. 2 N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo! 3 Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt. 4 Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k'ap viv sou li yo pran tranble, m'ap kenbe fondasyon li yo byen fèm. 5 M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans! 6 Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la! 7 Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid. 8 Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt. 9 Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak. 10 Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li. L'a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò! 76 1 Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye. 2 Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl. 3 Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon. 4 Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè. 5 Gade jan ou gen pouvwa, Bondye! Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann soti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo! 6 Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo. 7 Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt. 8 Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè? 9 Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè, 10 lè Bondye leve pou bay santans li, pou l' delivre tout malere y'ap peze sou tè a. 11 Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou. 12 Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la. Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'. 77 1 Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. 2 Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen. 3 Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon. 4 Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje! 5 Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale. 6 M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo. 7 Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di: 8 Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò? 9 Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò? 10 Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè? 11 Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò? 12 Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan. 13 M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo! 14 Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou! 15 Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou. 16 Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo. 17 Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble. 18 Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la. 19 Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble. 20 Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase. Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen. 78 1 Se yon chante Asaf. Pèp mwen yo, koute sa m'ap moutre nou! Louvri zòrèy nou pou n' tande sa m'ap di! 2 Mwen pral pale ak nou, pou m' fè nou konnen sa ki te pase nan tan lontan, 3 bagay nou te tande nan zòrèy nou, bagay nou tout te konnen, bagay zansèt nou yo te konn rakonte nou. 4 Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy. 5 Li te di pèp Izrayèl la sa pou li fè. Li te bay pitit pitit Jakòb yo kòmandman li yo. Li te mande zansèt nou yo pou yo te moutre pitit yo lalwa Bondye a, 6 pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l', pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l'. 7 Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo. 8 Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pa t' janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye. 9 Pitit Efrayim yo se moun ki konn goumen, ki fò nan tire flèch. Men, yo kouri lè batay mare. 10 Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè. 11 Yo fè espre, yo bliye sa li te fè, tout mèvèy li te fè yo wè. 12 Wi, se devan je zansèt yo Bondye te fè mirak nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an. 13 Li fann lanmè a an de, li fè yo pase nan mitan l'. Li fè dlo yo kanpe dwat tankou miray. 14 Pou l' moutre yo chemen pou yo pran, lajounen li ba yo yon nwaj, lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo. 15 Li fann gwo wòch nan dezè a, li ba yo kont dlo pou yo bwè. 16 Li fè sous dlo pete nan wòch la, li fè dlo koule tankou dlo larivyè. 17 Men, yo pa t' sispann fè peche kont Bondye, yo revòlte dèyè Bondye ki anwo nan syèl la, lè yo te nan dezè a. 18 Yo te vle sonde Bondye: yo mande pou l' ba yo manje yo te vle manje a. 19 Yo pale Bondye mal, yo di: -Eske Bondye ka mete manje sou tab nan mitan dezè sa a? 20 Wi, se vre. Li frape wòch la: Dlo koule kou larivyè. Men, èske li kapab ban nou pen? Eske li ka bay pèp li a vyann? 21 Lè Seyè a tande sa, li fè kòlè. Se te tankou yon dife li te limen dèyè pitit Jakòb yo. Li vin ankòlè anpil sou yo, 22 paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye, yo pa t' kwè li ta kapab delivre yo. 23 Li pale ak nwaj yo ki anwo nan syèl la, li ba yo lòd pou yo louvri pòt syèl la. 24 Li grennen laman sou yo pou yo manje. Li ba yo manje farin ki soti nan syèl la. 25 Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo. Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo. 26 Lèfini, li fè yon van lès soufle nan syèl la. Avèk pouvwa li, li fè yon van leve soti nan sid. 27 Li grennen vyann sou yo tankou pousyè. Li fè zwazo soti nan syèl la tonbe atè, tankou sab bò lanmè. 28 Li fè yo tonbe nan mitan kote yo te rete a, tout bò kay yo. 29 Yo tout te manje plen vant yo. Bondye ba yo tou sa yo te anvi. 30 Men, yo pa t' ankò fin manje, yo pa t' ankò fin plen vant yo, manje a te nan bouch yo toujou, 31 lè Bondye fache sou yo. Li touye pi gwonèg nan mitan yo, li kraze tout jenn gason nan peyi Izrayèl la. 32 Atousa, pèp la donnen pi rèd nan fè peche. Yo pa t' vle kwè nan mirak sa yo. 33 Se konsa, li fè lavi yo disparèt tankou lafimen. Li sezi yo, yo mouri frèt. 34 Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li. 35 Yo vin chonje se Bondye ki te pwoteksyon yo. Se Bondye anwo nan syèl la ki te delivre yo. 36 Men, tout bèl pawòl sa yo, se te manti. Tou sa yo t'ap di a, se te pawòl nan bouch. 37 Yo pa t' sensè avè li, yo pa t' kenbe kontra li te pase ak yo. 38 Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pa t' touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pa t' fè kòlè sou yo. Li pa t' kite kòlè l' tonbe sou yo. 39 Li chonje se moun yo ye, se pase y'ap pase tankou van k'ap soufle. 40 Men, se pa ni de ni twa fwa yo te leve dèyè li nan dezè a! Se pa ni de ni twa fwa yo te fè l' fè kòlè! 41 Se tout tan yo t'ap tante Seyè a! Se tout tan yo t'ap pwovoke Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa! 42 Yo bliye jan li gen pouvwa. Yo bliye lè li te sove yo anba lènmi yo, 43 lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an. 44 Li fè dlo larivyè yo tounen san. Pesonn pa t' ka bwè dlo sa yo. 45 Li voye mouchavè sou yo pou devore yo. Li voye krapo pou detwi yo. 46 Li voye krikèt vèt pou manje rekòt yo, chwalbwa pou devore tout jaden yo. 47 Li touye pye rezen yo ak lagrèl, li touye pye sikomò yo ak fredi. 48 Li touye tout bèt jaden nan savann yo ak lagrèl, li touye bann mouton yo ak loray. 49 Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo. 50 Li kite kòlè l' pase sou yo, li pa t' sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo. 51 Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan. 52 Lèfini, tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale, li kondi yo nan mitan dezè a. 53 Li mennen yo san danje san malè. Yo pa t' bezwen pè anyen. Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo. 54 Li fè yo rive sou fwontyè peyi li te chwazi pou li a, toupre mòn li te pran ak fòs kouraj li a. 55 Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete. 56 Men, yo kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a. Yo t'ap wè jouk ki bò li te ye ak yo: Yo pa fè sa li te mande yo fè! 57 Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape. 58 Yo fè l' fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l' fè jalouzi poutèt vye zidòl yo. 59 Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete. 60 Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a. 61 Li kite lènmi yo pran Bwat Kontra a, ki te garanti pouvwa li ak fòs li nan mitan yo, li kite yo pote l' ale. 62 Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè. 63 Jenn gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pesonn pou marye ak yo. 64 Tout prèt yo mouri anba kout nepe. Vèv yo pa t' kriye pou yo. 65 Se lè sa a Seyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi. Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li. 66 Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan. 67 Li voye pitit Jozèf yo jete, li pa t' chwazi branch fanmi Efrayim lan. 68 Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan. 69 Se la li bati tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l' solid tankou latè, pou tout tan. 70 Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo, 71 dèyè manman mouton ki gen pitit dèyè yo, li fè l' wa sou pitit Jakòb yo. Li mete l' gadò pèp Izrayèl la. 72 David pran swen yo ak tout kè li. Li kondi yo avèk anpil ladrès. 79 1 Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch. 2 Yo kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin manje. Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo pou bèt bwa vin manje. 3 Yo fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè. San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm. pa t' gen pesonn pou antere kadav yo! 4 Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib. 5 Seyè! jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan? Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife? 6 Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. 7 Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a. 8 Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt. 9 O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou. 10 Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule! 11 Koute jan prizonye yo ap plenn non! Avèk fòs ponyèt ou, delivre moun yo kondannen amò yo non. 12 Seyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo. 13 Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p'ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou. 80 1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. 2 Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la. 3 Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou. 4 Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre. 5 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou? 6 Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè. 7 Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib. 8 Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre. 9 Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo. 10 Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a. 11 Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo. 12 Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat. 13 Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo? 14 Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo. 15 Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non! 16 vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a. 17 Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri! 18 Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a! 19 Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou! Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre! 81 1 Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. 2 Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la! 3 Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo. 4 Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn! 5 Se yon lwa nan peyi Izrayèl, se yon lòd Bondye Jakòb la bay! 6 Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m' konsa: 7 Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè. 8 Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a. 9 Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'! 10 Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo! 11 Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen! 12 Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'. 13 Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè. 14 Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen! 15 Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo. 16 Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan. Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch! 82 1 Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije. 2 Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo? 3 Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo! 4 Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo. 5 Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò! 6 Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye. 7 Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf. 8 Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye. 83 1 Chante sa a se yon sòm Asaf li ye. 2 O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen! 3 Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou! 4 Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo. 5 Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò! 6 Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou. 7 Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo, 8 moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò. 9 Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo. 10 Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou. 11 Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a. 12 Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou, 13 paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou. 14 Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale. 15 Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo, 16 se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo! 17 Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou. 18 Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri. Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè. 84 1 Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. 2 Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa! 3 Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an. 4 Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen! 5 Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou. 6 Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an! 7 Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l' tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl. 8 Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an. 9 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, koute lapriyè mwen. Bondye Jakòb la, panche zòrèy ou pou tande m'. 10 Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an! 11 Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo. 12 Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay. Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou! 85 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. 2 Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen! 3 Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo. 4 Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo! 5 Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò! 6 Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò? 7 Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou? 8 Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non! 9 M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò. 10 Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo. 11 Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò! 12 Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri. 13 Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt. Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt. 86 1 Se yon lapriyè David te fè. Seyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m', reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye. 2 Pa kite m' mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m' fè. Bondye mwen, delivre m' non, paske se ou menm m'ap sèvi, se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen. 3 Gen pitye pou mwen, Seyè, paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou! 4 Fè kè sèvitè ou la kontan, Seyè, paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè! 5 Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou. 6 Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou! 7 Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen. 8 Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè! 9 Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou, 10 paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye. 11 Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m' jan pou m' sèvi ou avèk krentif. 12 Seyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m', mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa! 13 Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a. 14 Bondye, yon bann awogan leve dèyè m'! Yon kantite mechan soti pou yo touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye! 15 Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou! 16 Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m' fòs ankò, delivre m', paske mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. 17 Fè kichòy pou mwen, Seyè! Fè moun ki pa vle wè m' yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m' sekou, se ou menm ki ban m' konsolasyon! 87 1 Se yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye. Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a! 2 Li renmen lavil Jerizalèm pi plis pase tout lòt kote nan peyi Jakòb la. 3 Ou menm, lavil Bondye a, tande bèl bagay y'ap di sou ou: 4 Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m' yo, m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la. Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etiopi, se Jerizalèm yo fèt. 5 Lè moun ap pale sou mòn Siyon an yo di: -Yo rele l' manman, paske se la yo tout fèt. Se Bondye anwo nan syèl la ki mete l' kanpe. 6 Seyè a fè lis tout pèp yo, li fè yo tout pase pou moun lavil Jerizalèm. 7 Moun k'ap chante yo ansanm ak moun k'ap danse yo ap repete byen fò: -Se ou menm ki manman nou tout. 88 1 Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra. 2 Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou! 3 Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou. 4 Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri. 5 Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò. 6 Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li. 7 Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon. 8 Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou. 9 Ou fè tout zanmi m' yo lage m'. Yo yonn pa ka santi m' bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti. 10 Je m' ap boule m' tèlman m'ap soufri. Seyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m' ba ou! 11 Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou? 12 Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou? 13 Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon! 14 Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou. 15 Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen? 16 Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò. 17 Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'. 18 Tout lajounen ou sènen m' tankou dlo inondasyon, ou fèmen m' toupatou. Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m' yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m' yo disparèt. 89 1 Chante Etan, moun peyi Ezra. 2 Seyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou. 3 Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou. 4 Ou di konsa: -Mwen pase yon kontra avèk moun mwen te chwazi a. Men sa mwen te pwomèt David, sèvitè mwen an: 5 W'ap toujou gen yon wa nan pitit pitit ou yo. M'ap fè gouvènman ou lan kanpe fèm pou tout tan. 6 Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou. 7 Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou! 8 Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou. 9 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè! 10 Ou dominen sou gwo lanmè yo. Lè yo move, ou fè yo ret dousman. 11 Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo. 12 Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'. 13 Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan. 14 Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p'ap bese tèt devan pesonn. 15 W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo. 16 Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi! 17 Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè. 18 Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo. 19 Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou. 20 Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf. 21 Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou. 22 M'ap toujou soutni l' avèk fòs mwen. M'a fòtifye l' avèk pouvwa mwen. 23 Lènmi l' yo p'ap ka mete men sou li, mechan yo p'ap ka mete pye sou kou li. 24 M'ap kraze tout moun ki pa vle wè l' yo, m'ap touye moun ki rayi l' yo. 25 M'ap toujou renmen l', m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak li, mwen p'ap janm kite l' pèdi okenn batay. 26 M'ap fè l' gouvènen depi lanmè Mediterane jouk larivyè Lefrat. 27 L'a rele m', l'a di m': Se ou ki papa m', se ou menm ki Bondye m'. Se ou ki pwoteksyon m', se ou menm ki delivrans mwen. 28 Mwen menm, m'ap fè l' pase pou premye pitit gason mwen. Se li k'ap pi gran nan tout wa sou latè. 29 M'a toujou fè l' wè jan m' renmen l', m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a. 30 M'ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan. 31 Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, 32 si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè, 33 m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal. 34 Men, se pa sa k'ap fè m' sispann renmen David, ni k'ap fè m' pa kenbe pwomès mwen te fè l' la. 35 Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl. 36 Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti. 37 Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la. 38 Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la. 39 Men, malgre sa, ou fache sou wa ou te chwazi a, ou vire do ba li, ou voye l' jete. 40 Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou. 41 Ou kraze tout miray li yo, ou lage yo atè. Ou kite tout fò li yo fin kraze nèt. 42 Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib. 43 Ou kite lènmi l' yo kraze l' anba pye yo. Ou fè yo tout kontan. 44 Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè. 45 Ou te wete baton kòmandman an nan men l', ou pran fotèy li a, ou jete l' atè. 46 Ou fè l' vin vye anvan lè li, ou fè l' wont nèt. 47 Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife? 48 Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè. 49 Eske gen moun ki ka viv san l' pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l' pa janm al anba tè? 50 Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo? 51 Seyè, pa bliye jan y'ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen! 52 Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap joure, jan y'ap joure wa ou te chwazi a kote l' pase. Ann toujou fè lwanj Seyè a! Wi, se vre! Amèn! 90 1 Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a. 2 Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye. 3 Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò. 4 Milan (1.000 an) pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit. 5 Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten. 6 Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche. 7 Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase. 8 Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou. 9 Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini. 10 Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou. 11 Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move? 12 Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay. 13 Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo. 14 Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan. 15 Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè. 16 Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa. 17 Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. 91 1 Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a 2 ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. 3 Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou. 4 L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou. 5 Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen. 6 Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi. 7 Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (10.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou. 8 W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite. 9 Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou, 10 okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou. 11 Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase. 12 Y'ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. 13 W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou. 14 Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen. 15 Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'. 16 M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'. 92 1 Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. 2 Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la. 3 Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou. 4 Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou. 5 Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè. 6 Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou! 7 Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann. 8 Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt. 9 Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan. 10 Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo. 11 Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan. 12 Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele. 13 Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban. 14 Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an. 15 Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs. Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li. 93 1 Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'. 2 Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan. 3 Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri. 4 Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri. 5 Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan. 94 1 Seyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye. 2 Ou menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite! 3 Kilè mechan yo va sispann fè fèt? Wi, Seyè, kilè y'a sispann? 4 Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè? 5 Seyè, y'ap kraze pèp ou a, y'ap peze moun pa ou yo. 6 Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a. 7 Lè konsa yo di: Seyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa! 8 Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non! Bann moun fou, kilè n'a konprann? 9 Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l' pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l' pa ta ka wè? 10 Limenm ki reskonsab tout nasyon yo, ki jan pou l' pa ta ka pini yo? Limenm k'ap bay moun tout kalite konesans, ki jan pou l' pa ta ka konnen? 11 Seyè a konnen lide lèzòm gen nan tèt yo. Li konnen sa pa vo anyen. 12 Ala bon sa bon, Seyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l' konnen sa ki nan lalwa ou, 13 pou l' ka rete ak kè poze lè jou malè a rive, jouk y'a fouye twou pou antere mechan an. 14 Seyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo. 15 Lè sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal, tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa. 16 Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo? Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo? 17 Si se pa t' Seyè a ki te sekou mwen, gen lontan depi mwen ta mouri. 18 Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Seyè, ki soutni m' paske ou gen bon kè. 19 Lè m' nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m' fè, se ou menm ki ban m' kouraj, se ou menm ki fè kè m' kontan. 20 Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa? 21 Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò. 22 Men, Seyè a se tout defans mwen. Bondye mwen, se twou wòch kote m' jwenn pwoteksyon. 23 L'ap fè mechanste yo a tonbe sou pwòp tèt yo, l'ap fè peche yo a touye yo. Seyè a, Bondye nou an, ap disparèt yo. 95 1 Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an! 2 Ann parèt devan li pou nou di l' mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li! 3 Paske, Seyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo. 4 Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l'. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou. 5 Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l', latè a tou, paske se li ki ba l' fòm ak men l'. 6 Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an! 7 Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou: 8 -Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l' lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l' jou sa a nan dezè a bò Masa. 9 Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m', malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo. 10 Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo. 11 Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an. 96 1 Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! 2 Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. 3 Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo. 4 Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo. 5 Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la. 6 Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a! 7 Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! 8 Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! 9 Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li. 10 Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri. 11 Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. 12 Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan, 13 lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt. 97 1 Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt! 2 Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri. 3 Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase. 4 Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble. 5 Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a. 6 Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li. 7 Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li. 8 Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè! 9 Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo. 10 Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo. 11 Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan. 12 Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun. 98 1 Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la. 2 Seyè a te fè wè jan l' delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras. 3 Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou. 4 Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Seyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante! 5 Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik! 6 Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa. 7 Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante. 8 Se pou larivyè yo pran bat men yo. Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan. 9 Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite. 99 1 Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble! 2 Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo. 3 Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye! 4 Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt. 5 Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Bese tèt nou devan fotèy li. Sè Bondye tout bon li ye! 6 Moyiz ak Arawon te fè pati prèt li yo! Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l' yo! Tout twa te rele Seyè a, li te reponn yo. 7 Li rete nan poto nwaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo. 8 Seyè, Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal. 9 Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye. 100 1 Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan. 2 Fè sèvis pou Seyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li! 3 Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li. 4 Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi! 5 Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li. 101 1 Se yon sòm David. M'ap chante pou yon moun ki gen bon kè. M'ap chante pou yon moun ki pa nan patipri. Se pou ou m'ap chante, Seyè! 2 M'ap mennen yon lavi san repwòch. Kilè w'a vin jwenn mwen? 3 M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen. 4 Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m'. Mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ki mechan. 5 M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun. 6 M'ap pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm. M'ap kite yo rete bò kote m'. Moun k'ap mache dwat yo, se yo m'ap pran pou sèvi lakay mwen. 7 Mwen p'ap kite moun k'ap twonpe moun rete lakay mwen. Moun k'ap bay manti p'ap rete kanpe devan mwen. 8 Chak maten m'ap fini avèk tout mechan ki nan peyi a. Konsa, m'ap mete tout moun k'ap fè sa ki mal yo deyò nan lavil Seyè a. 102 1 Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. 2 Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou. 3 Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou. 4 Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo. 5 Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje. 6 Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn. 7 Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze. 8 Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay. 9 Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman. 10 Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè. 11 Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen. 12 Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb. 13 Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou! 14 W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive. 15 Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini. 16 Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li. 17 Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa. 18 L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo. 19 Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l', pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li. 20 Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè, 21 pou l' tande jan prizonye yo ap plenn, pou l' delivre moun yo kondannen amò yo. 22 Konsa, moun va nonmen non Seyè a nan tout lavil Siyon an. Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm, 23 lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a. 24 Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'. 25 Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou. 26 Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la. 27 Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote. 28 Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri. Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou. 103 1 Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen! 2 Wi, kite m' di Seyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. 3 Li padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo. 4 Li wete m' nan bouch twou a. Li beni m', li fè m' wè jan li renmen m', jan li gen pitye pou mwen. 5 Li kouvri m' ak benediksyon pandan tout lavi m', li fè m' rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini. 6 Seyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. 7 Li fè Moyiz konnen sa l' te gen nan tèt li, li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo. 8 Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. 9 Li p'ap pase tout tan l' ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan. 10 Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou. 11 Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li. 12 Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou. 13 Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li. 14 Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye. 15 Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann. 16 Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pesonn pa rekonèt kote yo te ye a. 17 Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo, 18 pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo. 19 Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay. 20 Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a! 21 Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l', k'ap fè volonte li, di Seyè a mèsi! 22 Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Seyè a mèsi! Wi, kite m' di Seyè a mèsi! 104 1 Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba! 2 Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete. 3 Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale. 4 Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou. 5 Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'. 6 Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo. 7 Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò. 8 Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo. 9 Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò. 10 Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo. 11 Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo. 12 Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo. 13 Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou. 14 Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje, 15 pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs. 16 Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen. 17 Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo. 18 Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo. 19 Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche. 20 Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò. 21 Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje. 22 Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo. 23 Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche. 24 Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè. 25 Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti. 26 Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'. 27 Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen. 28 Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo. 29 Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a. 30 Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi. 31 Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè. 32 Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen. 33 M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la. 34 Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan. 35 Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a! 105 1 Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè! 2 Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo! 3 Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt! 4 Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li. 5 -(we vèsè pwochen) 6 Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li! 7 Seyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè. 8 -(we vèsè pwochen) 9 L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan. 10 Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan. 11 Li te di: -M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m' yo. 12 Lè sa a, pèp Bondye a pa t' anpil, yo te sèlman yon ti ponyen moun, yo te tankou etranje toujou nan peyi a. 13 Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt. 14 Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo. 15 Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen. 16 Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo, 17 li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la. 18 Yo te mete pye l' nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li, 19 jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Seyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon. 20 Wa peyi Lejip la te wete l' nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l'. 21 Li mete l' chèf sou tout moun lakay li, li mete l' pou l' gouvènen tout peyi a. 22 Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè. 23 Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo. 24 Seyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo. 25 Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li. 26 Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi. 27 Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip. 28 Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Lejip yo pa t' koute sa l' te di yo. 29 Li fè dlo larivyè yo tounen san, li touye tout pwason ladan yo. 30 Krapo te pran tout peyi a pou yo, yo te rive jouk anndan kay wa a. 31 Bondye annik pale, mouchavè ak vèmin parèt, yo kouvri tout peyi a. 32 Li pa ba yo lapli, li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a. 33 Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo. Li jete tout pyebwa nan peyi a atè. 34 Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite. 35 Yo devore tout ti plant nan peyi a, yo manje tout rekòt nan jaden yo. 36 Bondye touye premye pitit gason nan tout fanmi nan peyi Lejip la. Wi, li touye tout premye pitit gason yo. 37 Apre sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan. Anyen pa t' rive yo yonn menm. 38 Moun peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati paske yo te pè anpil. 39 Seyè a mete yon nwaj pou pwoteje yo lajounen, yon dife pou klere yo lannwit. 40 Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo. 41 Li fann yon gwo wòch, sous dlo pete, dlo pran koule nan dezè a tankou larivyè. 42 Li te chonje pwomès li te fè a, pawòl li te bay Abraram, sèvitè l' la. 43 Se konsa li te fè pèp li a soti ak kè kontan, li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan. 44 Li ba yo tè lòt nasyon yo, li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun, 45 pou pèp li a te ka kenbe lòd li yo, pou yo te ka obeyi kòmandman li yo. Lwanj pou Seyè a! 106 1 Lwanj pou Seyè a! Wi, lwanj pou Seyè a paske li bon: li p'ap janm sispann renmen nou. 2 Ki moun ki ka rakonte tout gwo bagay Seyè a fè? Ki moun ki ka fin fè lwanj li? 3 Ala bon sa bon pou moun ki fè sa Bondye mande l' fè, ki toujou ap fè sa ki dwat devan li! 4 Seyè, jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m'. Pa bliye m', lè w'ap vin delivre yo. 5 Konsa, m'a wè jan moun ou chwazi yo alèz. M'a fè kè m' kontan ansanm ak pèp ou a. M'a pran plezi m' ansanm ak moun ki pou ou yo. 6 Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal. 7 Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pa t' konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la. 8 Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l' moutre jan li gen pouvwa. 9 Li te pase Lanmè Wouj la lòd, lanmè a cheche. Li fè pèp li mache nan fon lanmè a tankou si se te nan yon dezè. 10 Li sove yo anba men moun ki te rayi yo, li delivre yo anba men lènmi yo. 11 Dlo a neye tout lènmi yo. Pa gen yonn ki chape. 12 Se lè sa a pèp li a vin kwè sa l' te di a, yo chante pou fè lwanj li. 13 Men, lamenm, yo bliye sa l' te fè pou yo. Yo pa t' tann li fin fè pou yo sa l' te gen nan lide l'. 14 Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t'ap gade ki bò Bondye ye ak yo. 15 Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l' la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo. 16 Antan yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a. 17 Se konsa latè a fann, li vale Datan, li fèmen sou Abiram ansanm ak tout moun ki te fè bann ak li yo. 18 Dife grennen sou tout bann lan, li boule tout mechan yo. 19 Lè yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf, yo adore zidòl yo te fè ak lò a. 20 Yo pran lwanj ki pou Bondye a bay yon pòtre bèf ki manje zèb. 21 Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip, 22 mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la. 23 Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l' pou l' pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo. 24 Yo pa t' vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pa t' kwè pawòl Bondye. 25 Yo rete anba tant yo, y'ap bougonnen. Yo pa t' vle koute Seyè a. 26 Lè sa a, Seyè a leve men l', li sèmante l'ap fè yo peri nan dezè a. 27 L'ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo, l'ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje. 28 Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou y' al adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo. 29 Sa te moute kolè Seyè a anpil sou yo lè li wè sa yo t'ap fè. Se poutèt sa maladi tonbe sou yo. 30 Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri. 31 Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan. 32 Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo. 33 Sa te fè Moyiz sitèlman fache, li te rive fè bagay li pa t' gen dwa fè. 34 Yo pa t' detwi moun lòt nasyon yo jan Seyè a te mande yo fè a. 35 Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo. 36 Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo. 37 Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo. 38 Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye. 39 Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye. 40 Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo. 41 Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo. 42 Lènmi yo t'ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo. 43 Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche. 44 Men, Seyè a te wè mizè yo, li te tande jan y'ap rele. 45 Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil. 46 Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo. 47 Delivre nou non, Seyè, Bondye nou. Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou. 48 Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan! Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a! 107 1 Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! 2 Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo, 3 li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid. 4 Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete. 5 Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pa t' kapab ankò. 6 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 7 Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete. 8 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun. 9 Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje. 10 Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn, 11 paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo. 12 Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men. 13 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 14 Li fè yo soti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo. 15 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. 16 Li kraze gwo pòt an fè yo. Li kase bawo an fè yo. 17 Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo te fè. Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal. 18 Yo pa t' menm anvi manje, yo te prèt pou mouri. 19 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 20 Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a. 21 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. 22 Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l' mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan. 23 Gen ladan yo ki vwayaje nan batiman sou lanmè. Yo t'ap fè trafik lakòt pou yo viv. 24 Yo te wè sa Seyè a te fè. Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè. 25 Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move. 26 Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo. Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouraj yo. 27 Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo. 28 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 29 Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt. 30 Yo te kontan lè yo wè lanmè a vin bèl. Seyè a fè yo antre san danje nan pò kote yo t'aprale a. 31 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. 32 Se pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini. Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo. 33 Seyè a fè larivyè yo cheche nèt. Li fè sous yo pa bay dlo ankò. 34 Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste. 35 Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk. 36 Se la li fè moun ki te grangou yo moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete. 37 Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt. 38 Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple. 39 Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye, paske moun t'ap peze yo, yo t'ap soufri, yo te nan mizè. 40 Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a, 41 se li ki wete pòv malere yo nan mizè. Se li ki fè yo fè pitit tankou chini. 42 Moun ki mache dwat yo wè sa, yo kontan. Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen. 43 Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo! Se pou yo rekonèt jan Seyè a gen bon kè! 108 1 Se yon chante David. 2 Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen. 3 M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve! 4 Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! 5 Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. 6 Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè! 7 Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans. 8 Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt. 9 Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman m' li ye. 10 Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan. 11 Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon? 12 Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò? 13 Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch. Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'. 109 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen. 2 Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m' mal. Y'ap fè manti sou mwen. 3 Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen. 4 Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou. 5 M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m' mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m'. 6 Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li. 7 Lè yo jije l', se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche. 8 Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li. 9 Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv. 10 Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a. 11 Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li. 12 Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite. 13 Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li. 14 Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo. 15 Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè, 16 paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo. 17 Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon. 18 Tout kò l' se madichon! Se pou madichon pase l' nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l'. 19 Se pou madichon kouvri l' tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l' tankou yon sentiwon. 20 Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo. 21 Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'. 22 Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann. 23 Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale. 24 Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil! 25 Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib. 26 Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè. 27 Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'. 28 Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan. 29 Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo. 30 M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini, 31 paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo. 110 1 Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. 2 Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo. 3 Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a. 4 Seyè a te sèmante, l'ap toujou kenbe pawòl li: -Ou se prèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk. 5 Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo. 6 L'ap jije nasyon yo, l'ap anpile kadav sou kadav, l'ap kraze chèf yo toupatou sou latè. 7 Wa a ap bwè dlo larivyè k'ap koule bò wout la. Se poutèt sa li p'ap janm bese tèt devan lènmi l' yo. 111 1 Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini. 2 Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo. 3 Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan. 4 Seyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè. 5 Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an. 6 Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo. 7 L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo. 8 Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre. 9 Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li! 10 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li. 112 1 Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande! 2 Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li. 3 Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. 4 Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri. 5 Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis! 6 Li p'ap janm bite. Yo p'ap janm bliye l'. 7 Kè l' p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Seyè a. 8 Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo. 9 Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'. 10 Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive. 113 1 Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li! 2 Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan. 3 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a! 4 Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la. 5 Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt. 6 Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a. 7 Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè. 8 Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a. 9 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a! 114 1 Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo, 2 Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l'. 3 Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann. 4 Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton. 5 Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule? 6 Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton? 7 Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la. 8 Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo. 115 1 Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou! 2 Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an? 3 Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle. 4 Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. 5 Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. 6 Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant. 7 Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo. 8 Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo. 9 Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. 10 Nou menm, prèt Bondye yo, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. 11 Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, mete konfyans nou nan li. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. 12 Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo. 13 L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran. 14 Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou. 15 Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou! 16 Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo. 17 Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li. 18 Men, nou menm ki vivan, n'ap di l' mèsi depi koulye a ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Seyè a! 116 1 Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen. 2 Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'. 3 Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn. 4 Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non! 5 Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè. 6 Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen. 7 Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen. 8 Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite. 9 Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo. 10 Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen! 11 menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans! 12 Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo? 13 M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi. 14 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a. 15 Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri! 16 Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo. 17 M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi. 18 -(we vèsè pwochen) 19 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a! 117 1 Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li! 2 Paske, li renmen nou anpil anpil, l'ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a! 118 1 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou! 2 Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 3 Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 4 Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! 5 Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'. 6 Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'? 7 Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo. 8 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun. 9 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf. 10 Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 11 Yo te sènen m', yo te kwense m'. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 12 Yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. 13 Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou. 14 Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. 15 Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li. 16 Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li. 17 Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen. 18 Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'. 19 Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi. 20 Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'. 21 Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'. 22 Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. 23 Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa! 24 Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan! 25 Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè! 26 Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou. 27 Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la. 28 Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa! 29 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou! 119 1 Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a! 2 Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo! 3 Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo. 4 Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn. 5 Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande! 6 Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo. 7 M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou. 8 Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m'. 9 Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a. 10 Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo. 11 Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou. 12 Mèsi, Bondye. Moutre m' tou sa ou vle m' fè. 13 M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou. 14 Mwen pran plezi m' pou m' mache dapre prensip ou yo, tankou si m' te gen tout richès sou latè. 15 M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou. 16 Mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo. 17 Aji byen avè m', mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m' ka viv, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè. 18 Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la. 19 Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo. 20 Se tout tan kè m' ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside. 21 Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo. 22 Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo. 23 Menm si chèf yo chita pou pale m' mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a. 24 Prensip ou yo fè kè m' kontan. Se yo ki ban m' konsèy sa pou m' fè. 25 Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la. 26 Mwen di ou tou sa m' te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m' tou sa ou vle m' fè. 27 Fè m' konprann ki jan pou m' swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo. 28 Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankò, jan ou te pwomèt la. 29 Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou. 30 Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen. 31 Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m' pran wont. 32 M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen. 33 Seyè, moutre m' jan pou m' swiv lòd ou yo, pou m' obeyi yo jouk sa kaba. 34 Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen. 35 Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'. 36 Fè m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan. 37 Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan. 38 Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou. 39 Pa kite yo joure m', mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon! 40 Ou wè jan m' anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankò! 41 Fè m' wè jan ou renmen m', Seyè! vin delivre m', jan ou te pwomèt la. 42 Lè sa a, m'a gen repons pou m' bay moun k'ap joure m' yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou. 43 Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo. 44 M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan. 45 M'a mache alèz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo. 46 M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa. 47 Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. 48 M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a. 49 Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m' espwa. 50 Nan mizè mwen, tout konsolasyon m', se pwomès ou fè m' lan. Se sa ki fè m' viv. 51 Yon bann awogan ap pase m' nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou. 52 Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyè, se sa ki ban m' kouraj. 53 Sa mete m' ankòlè, lè m' wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou. 54 Mwen fè chante ak sa ou mande m' fè, nan kay ki pa lakay mwen. 55 Lannwit se ou m'ap chonje, Seyè. M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m' fè. 56 Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m'ap swiv tout lòd ou yo. 57 Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo. 58 M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la. 59 Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo. 60 Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo. 61 Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la. 62 Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri. 63 Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo. 64 Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m' tou sa ou vle m' fè. 65 Ou te aji byen avè m', sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la. 66 Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo. 67 Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè. 68 Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè. 69 Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'. 70 Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la. 71 Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè. 72 Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè. 73 Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo. 74 Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawòl ou. 75 Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou. 76 Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'. 77 Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou. 78 Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo. 79 Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen. 80 Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont. 81 Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou. 82 Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'? 83 Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m' fè. 84 Konbe jou sèvitè ou la rete pou l' viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m' yo? 85 Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a. 86 Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m' san rezon. vin pote m' sekou! 87 Ti moso yo touye m'. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo. 88 Paske ou renmen m', ban m' lavi ankò pou m' ka swiv prensip ki soti nan bouch ou. 89 Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la. 90 Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm. 91 Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye. 92 Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen. 93 Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò. 94 Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo. 95 Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo. 96 Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan. 97 Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li. 98 Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan. 99 Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo. 100 Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo. 101 Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè. 102 Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay. 103 Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen. 104 Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti. 105 Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen. 106 Mwen fè sèman, epi m'ap kenbe sèman an: M'ap fè tou sa ou deside nan jistis ou. 107 Seyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankò jan ou te pwomèt la. 108 Seyè, koute lè m'ap lapriyè pou m' di ou mèsi. Fè m' konnen tou sa ou deside. 109 Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou. 110 Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lòd ou yo. 111 Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan. 112 Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri. 113 Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou. 114 Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m' nan pawòl ou. 115 Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an. 116 Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m' ka viv. Pa kite m' pran wont pou m' pa jwenn sa m'ap tann lan. 117 Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fè. 118 Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen. 119 Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo. 120 M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo. 121 Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m' nan men lènmi m' yo. 122 Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen. 123 Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin sove m', jan ou te pwomèt fè m' jistis la. 124 Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m' sa ou vle m' fè a. 125 Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m', pou m' ka konnen prensip ou yo. 126 Seyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou. 127 Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an. 128 Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti. 129 Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m'. 130 Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann. 131 Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman m' anvi konnen kòmandman ou yo. 132 Vire gade m' non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l' pou moun ki renmen ou yo! 133 Soutni m' avèk pawòl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen. 134 Delivre m' anba men moun k'ap peze m' yo pou m' ka mache dapre lòd ou yo. 135 Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m' santi ou la avè m'. Moutre m' sa ou vle m' fè. 136 Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou. 137 Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan. 138 Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre. 139 Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo. 140 Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li. 141 Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo. 142 Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite. 143 Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè. 144 Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv. 145 M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè. 146 M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo! 147 Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye. 148 Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo. 149 Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la. 150 Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan. 151 Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre. 152 Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan. 153 Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou! 154 Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la. 155 Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè. 156 Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m' lavi ankò, jan ou te deside l' la. 157 Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote. 158 Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou. 159 Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'. 160 Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan. 161 Yon bann chèf ap pèsekite m' san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif. 162 Pawòl ou fè kè m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richès. 163 Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil. 164 Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri. 165 Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite. 166 M'ap tann ou vin delivre m', Seyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m' fè. 167 M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo. 168 M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m' fè, paske ou konnen tout vire tounen m'. 169 Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann. 170 Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'. 171 Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè. 172 Se pou m' chante pou m' fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat. 173 Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo! 174 Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou. 175 Ban m' lavi pou m' fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m', jan ou te deside l' la. 176 Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.