Psalms 34:2-4

Haitian(i) 2 Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li. 3 M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. 4 Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!