Psalms 107:25-29

Haitian(i) 25 Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move. 26 Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo. Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouraj yo. 27 Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo. 28 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. 29 Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt.