Psalms 107:20-22

Haitian(i) 20 Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a. 21 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun. 22 Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l' mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan.