Psalms 106:21-24

Haitian(i) 21 Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip, 22 mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la. 23 Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l' pou l' pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo. 24 Yo pa t' vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pa t' kwè pawòl Bondye.