Psalms 104:27-29

Haitian(i) 27 Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen. 28 Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo. 29 Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a.