Psalms 104:20-24

Haitian(i) 20 Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò. 21 Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje. 22 Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo. 23 Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche. 24 Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.