Proverbs 1:10-19

Haitian(i) 10 Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou. 11 Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou. 12 Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere. 13 N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran. 14 W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout. 15 Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase! 16 Yo toujou dèyè pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò. 17 Kisa ou konprann ou fè lè ou kite zwezo wè ou ap tann pèlen pou li? 18 Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri. 19 Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò.