Philippians 1:4-6

Haitian(i) 4 Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l' ak kè kontan, 5 poutèt jan nou te ede m' gaye bon nouvèl la, depi premye jou a jouk koulye a. 6 Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l' kontinye l' jouk li va fini l' nèt, lè jou Jezikri a va rive.