Numbers 6:21

Haitian(i) 21 Se tout regleman yo sa pou moun ki fè ve nazareyen yo swiv. Y'a fè ofrann yo bay Seyè a dapre ve yo te fè pou yo viv apa nèt pou Seyè a. Men, si yon moun pwomèt pou li ofri lòt bagay anplis sa yo mande l' la a, se pou l' fè tou sa li te pwomèt pou l' fè a.