Numbers 31:14-18

Haitian(i) 14 Moyiz move sou chèf reskonsab lame yo, sou chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo ki t'ap tounen soti nan lagè a. 15 Li di yo konsa: -Poukisa nou pa touye tout medam sa yo? 16 Se yo menm ki te swiv konsèy Balaram yo, se yo ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo te vire do bay Bondye nan zafè Baal-Peyò a, kifè gwo malè nou konnen an te tonbe sou pèp Izrayèl la. 17 Se pou nou touye tout pitit gason yo. Se pou nou touye tout fanm ki kouche ak gason deja. 18 Men, n'a sove lavi tout jenn fi ki poko janm kouche ak gason. N'a pran yo pou nou.