Numbers 18:14-16

Haitian(i) 14 Tout bagay moun pèp Izrayèl yo pran angajman mete apa pou Seyè a va pou ou tou. 15 Tout premye pitit, kit se pitit moun, kit se pitit bèt, y'a mete yo apa pou mwen, e se pou ou yo va ye tou. Men, se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit moun ak tout premye pitit bèt ki pa ka sèvi ofrann pou mwen. 16 Lè premye pitit gason an va gen yon mwa, w'a fè yo peye ou senk pyès ajan dapre sistèm yo sèvi nan kay Bondye a, -vin gera pou yon pyès ajan-,pou yo ka achte lavi l' nan men m'.