Numbers 13:1-14

Haitian(i) 1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -Ou pral chwazi douz nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi. Ou pral voye yo pou y' al wè ki jan peyi Kanaran an ye, peyi m'ap bay moun Izrayèl yo. 3 Dapre lòd Moyiz te resevwa nan men Seyè a, li pran douz gason ki te chèf fanmi nan pèp Izrayèl la. Antan li te nan dezè Paran an, li voye yo al rekonèt peyi a. 4 Men non yo: Pou branch Woubenn lan, se te Chamwa, pitit gason Zakou a. 5 Pou branch fanmi Simeyon an, se te Chafa, pitit gason Ori a. 6 Pou branch fanmi Jida a, se te Kalèb, pitit gason Jefoune a. 7 Pou branch fanmi Isaka a, se te Jigal, pitit gason Jozèf la. 8 Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Noun lan. 9 Pou branch fanmi Benjamen an, se te Palti, pitit gason Rafou a. 10 Pou branch fanmi Zabilon an, se te Gadiyèl, pitit gason Sodi a. 11 Pou branch fanmi Jozèf la, nan branch Manase a, se te Gadi, pitit gason Souzi a. 12 Pou branch fanmi Dann lan, se te Amiyèl, pitit gason Jemali a. 13 Pou branch fanmi Asè a, se te Setou, pitit gason Mikayèl la. 14 Pou branch fanmi Neftali a, se te Nakbi, pitit gason Wopsi a.