Matthew 5:3-11

Haitian(i) 3 Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. 4 Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouraj. 5 Benediksyon pou moun ki dou, paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè. 6 Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l' la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a. 7 Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou. 8 Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye. 9 Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li. 10 Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. 11 Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye.