Haitian(i)
37 Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k'ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pa t' vle!
38 Enben, tout kay ou yo pral rete san yon moun ladan yo.
39 Paske, m'ap di ou sa: Depi jòdi a, nou p'ap wè m' ankò jouk lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la.
24 1 Jezi soti nan tanp lan, li tapral fè wout li lè disip li yo pwoche bò kote li. Yo t'ap fè l' wè ki jan tanp lan te byen bati.
2 Men li di yo: Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.