Matthew 14:34-36

Haitian(i) 34 Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt. 35 Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li. 36 Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.