Mark 3:7-11

Haitian(i) 7 Jezi wete kò l' ak disip li yo, li ale bò lanmè Galile a. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide, 8 moun lavil Jerizalèm, moun peyi Idime, moun peyi lòt bò larivyè Jouden an, moun nan vwazenaj lavil Tir ak lavil Sidon. Tout foul pèp sa a te vin jwenn li paske yo te tande tou sa l' t'ap fè. 9 Jezi mande disip li yo pou yo pare yon kannòt pou li, pou foul la pa t' toufe l' twòp. 10 Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li. 11 Chak fwa move lespri yo te wè l', yo te tonbe nan pye l' ap plede rele: -Ou se pitit Bondye a.