Luke 4:1-13

Haitian(i) 1 Jezi tounen soti bò larivyè Jouden an; li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennen l' nan dezè a. 2 Se la Satan vin tante l' pandan karant jou. Tout jou sa yo li pa t' manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou. 3 Satan di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa a lòd pou l' tounen pen. 4 Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa ka viv ak pen sèlman. 5 Satan mennen l' yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l' tout peyi ki sou latè. 6 Li di Jezi konsa: M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo. 7 Si ou mete ajenou devan m', tout bagay sa yo pou ou. 8 Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi. 9 Apre sa, Satan mennen l' lavil Jerizalèm, li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan; li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba. 10 Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. 11 Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou ankenn wòch. 12 Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. 13 Apre Satan fin sonde Jezi tout jan sa yo, li kite l' jouk la jwenn yon lòt okasyon.