Luke 2:40-52

Haitian(i) 40 Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l', epi favè Bondye te avèk li. 41 Chak lanne pou fèt Delivrans lan, manman ak papa Jezi te konn ale lavil Jerizalèm. 42 Lè Jezi vin gen douzan, yo moute Jerizalèm al nan fèt la jan yo te toujou fè. 43 Lè jou fèt yo fin pase, moun yo t'ap tounen lakay yo. Ti Jezi menm rete lavil Jerizalèm. Men, papa l' ak manman l' pa t' wè sa. 44 Yo te kwè li te avèk lòt moun ki t'ap vwayaje ansanm ak yo. Yo mache tout yon jounen. Se lè sa a yo pran chache l' pami fanmi yo ak zanmi yo. 45 Men yo pa jwenn li. Yo tounen Jerizalèm al chache li. 46 Apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan, chita nan mitan dirèktè yo. Li t'ap koute yo, li t'ap poze yo keksyon tou. 47 Tout moun ki t'ap tande l' te sezi pou jan l' te gen lespri, ak jan l' t'ap reponn yo. 48 Lè papa l' ak manman l' wè l', yo pa t' manke sezi. Manman li di l' konsa: Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Se pa ti chache papa ou avè m' nou pa chache ou. Ou fè kè n' kase. 49 Jezi di yo: Poukisa pou n'ap chache m' konsa? Nou pa t' konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen? 50 Men yo pa t' konprann sa l' t'ap di yo. 51 Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l' menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li. 52 Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.