Luke 1:68-74

Haitian(i) 68 Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj. 69 Li voye yon moun avek gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li soti. 70 Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan. 71 Li te pwomèt li t'ap delivre nou anba lènmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo. 72 Se konsa la gen pitye pou zansèt nou yo. Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a. 73 Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an. 74 Li te di l' konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l' san nou p'ap bezwen pè.