Luke 19:5-8

Haitian(i) 5 Lè Jezi rive la, li leve je l' anlè, li di l': Zache, fè vit desann. Fòk mwen fè ladesant lakay ou jòdi a. 6 Zache prese desann, li resevwa Jezi ak kè kontan. 7 Lè yo wè sa, tout moun pran babye, yo t'ap di: Men nonm lan fè ladesant kay yon nonm ki plen peche. 8 Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalè.