Luke 18:35-43

Haitian(i) 35 Lè sa a, Jezi te prèt pou antre Jeriko; te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. 36 Lè l' tande foul moun yo ap pase, li mande sak genyen. 37 Yo di li: Se Jezi, moun Nazarèt la, k'ap pase. 38 Li pran rele: Jezi, pitit David la, pitye pou mwen. 39 Moun ki t'ap mache devan yo t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li. Men, li t'ap rele pi rèd: Pitit David la, pitye pou mwen. 40 Jezi rete, li bay lòd pou yo mennen l' ba li. Lè avèg la pwoche, Jezi mande li: 41 Kisa ou vle m' fè pou ou? Li reponn: Mèt, fè m' wè ankò. 42 Epi Jezi di li: Wè non. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. 43 Menm lè a, avèg la wè. Apre sa, li t'ap swiv Jezi. Li t'ap fè lwanj Bondye. Lè pèp la wè sa, yo tout pran fè lwanj Bondye tou.