Luke 13:33-35

Haitian(i) 33 Men, fòk mwen kontinye mache jòdi a, denmen ak apre denmen tou, paske sa pa bon pou yo touye yon pwofèt lòt kote pase nan lavil Jerizalèm. 34 Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm k'ap touye pwofèt yo, k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou yon manman poul sanble ti pitit li yo anba zèl li, men ou pa t' vle! 35 Enben, kay ou yo va rete san moun. M'ap di ou sa: nou p'ap wè m' ankò, jouk lè a va rive pou nou di: benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la.