Luke 12:29-31

Haitian(i) 29 Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè. 30 Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon sou latè yo k'ap chache yo tout tan san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. 31 Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen.