Leviticus 16:11-13

Haitian(i) 11 Lèfini, Arawon va touye ti towo bèf li te ofri pou wete peche pa l' yo. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou peche pa l' yo ansanm ak peche fanmi l' yo. 12 Apre sa, l'a pran yon recho, l'a plen l' chabon dife tou limen la jwenn sou lotèl la, l'a pran de ponyen lansan santi bon an poud. L'a pote recho a ak lansan an antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a. 13 Rive la, devan lotèl Seyè a, l'a mete lansan an sou dife a, lafimen lansan an va kouvri kouvèti Bwat Kontra a nèt. Konsa, li p'ap ka wè l', li p'ap mouri.