Leviticus 11:20-23

Haitian(i) 20 Tout ti bètazèl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje. 21 Men, nou ka manje tout ti bètazèl ki mache sou kat pye, depi yo gen de gwo pye ki penmèt yo sote, 22 tankou krikèt kay, krikèt bwa, chwal bondye ak lòt kalite krikèt. 23 Men, tout lòt ti bètazèl ki gen kat pye pa bon pou nou manje.