Leviticus 10:4-6

Haitian(i) 4 Moyiz rele Mikayèl ak Elzafan, de pitit gason Ouzyèl, tonton Arawon, li di yo: -Vini non! Wete kadav kouzen nou yo devan tant Seyè a, pote yo deyò lòt bò limit kan an. 5 Se konsa yo vini, yo pran kò yo ak tout rad ki te sou yo, yo pote yo lòt bò limit kan an, jan Moyiz te di a. 6 Apre sa, Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -Pa rete san penyen tèt nou, pa chire rad sou nou jan moun yo fè l' la lè yo nan lapenn pou ka lanmò. Si nou fè sa n'a mouri, Seyè a va fache sou tout pèp la. Men, frè nou yo ansanm ak tout lòt moun peyi Izrayèl yo gen dwa pran lapenn pou moun sa yo ki boule nan dife Seyè a te voye sou yo a.