John 9:35-38

Haitian(i) 35 Jezi te vin konnen yo te mete nonm ki te avèg la deyò nan sinagòg la. Lè li kontre avè l', li di l' konsa: Eske ou kwè nan Moun Bondye voye nan lachè a? 36 Nonm lan reponn li: Mèt, di m' ki moun li ye pou m' ka kwè nan li? 37 Jezi reponn li: Apa w'ap gade li! Se li menm k'ap pale avè ou la a wi. 38 Nonm lan di: Seyè, mwen kwè. Epi li tonbe ajenou devan Jezi.