John 8:34-36

Haitian(i) 34 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye. 35 Yon esklav pa fè pati moun kay la pou tout tan. Men, yon pitit fè pati moun kay la pou tout tan. 36 Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.