John 2:5-8

Haitian(i) 5 Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Fè tou sa l' di nou fè. 6 Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe vin trant galon konsa. 7 Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch. 8 Lè yo fini, Jezi di yo: Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la.