John 20:21-23

Haitian(i) 21 Jezi di yo ankò: benediksyon Bondye sou nou tout! Menm jan Papa a te voye m' lan, se konsa m'ap voye nou tou. 22 Apre pawòl sa yo, li soufle sou yo, li di yo: Resevwa Sentespri. 23 Moun n'a padone peche yo, y'a resevwa padon vre. Moun n'a refize padone, yo p'ap resevwa padon.