John 14:21-23

Haitian(i) 21 Moun ki asepte kòmandman m' yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m' va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l', epi m'a fè l' wè mwen. 22 Jid (se pa Jida Iskariòt la non) di l' konsa: Seyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou? 23 Jezi reponn li: Moun ki renmen m', se li menm ki va fè tou sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. Papa m' va vin jwenn li ansanm avè m', n'a viv nan li.