Job 38:24-28

Haitian(i) 24 Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè? 25 Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la, 26 pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete, 27 pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann? 28 Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze?