Job 38:22-26

Haitian(i) 22 Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la? 23 Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt? 24 Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè? 25 Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la, 26 pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete,