Job 37:1-5

Haitian(i) 1 Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache. 2 Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde! 3 Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè. 4 Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw. 5 Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann.