Job 36:8-11

Haitian(i) 8 Men, si Bondye mete yo nan chenn, si lafliksyon makònen nan tout kò yo, 9 Bondye va louvri je yo pou yo ka wè tou sa y'ap fè a. Li moutre yo se lògèy k'ap fè yo fè peche. 10 Li pale nan zòrèy yo pou avèti yo. Li mande yo pou yo sispann fè sa ki mal. 11 Si yo koute Bondye, si yo soumèt devan li, y'a viv rès lavi yo nan kè kontan ak nan plezi.